Skip to main content

Tcheke estati ranbousman w lan sou entènèt 24 sou 24, 7 sou 7!

Tcheke estati ranbousman w lan sou entènèt 24 sou 24, 7 sou 7!

  1. Chwazi ane fiskal pou estati ranbousman ou vle tcheke a.
  2. Antre nimewo Sekirite Sosyal ou.
  3. Chwazi fòm ou te depoze a nan lis ki woule desann lan.
  4. Antre montan ranbousman Eta New York ou te mande a. Gade Montan ranbousman ou mande pou aprann fason pou jwenn montan sa a.

CHECK REFUND STATUS (TCHEKE ESTATI RANBOUSMAN)

(Angle sèlman)

One-hundred dollar bills stacked in a row from a side angle

Fason pou Konprann Estati Ranbousman w lan

Ofiyamezi w ap suiv estati deklarasyon taks ou a, ou pral wè yo souliyen kèk oswa tout etap yo pi ba a. Pou jwenn plis enfòmasyon sou estati ou epi pou jwenn konsèy sou fason pou rezoud pwoblèm yo, gade nan Fason pou konprann estati ranbousman w lan.

Èske ou vle plis enfòmasyon sou ranbousman w yo? Gade resous sa yo:

We do not have any information about your return at this time. E-filed returns could take one week to post to our system; mailed returns can take up to three weeks to post to our system. If you e-filed, check your email, tax software or tax preparer to ensure it has been accepted.

(Nou pa gen okenn enfòmasyon konsènan deklarasyon taks ou a nan moman an. Deklarasyon ou te fè sou entènèt yo ka pran yon (1) semèn pou parèt nan sistèm nou an; deklarasyon ou voye pa lapòs ka pran jiska twa (3) semèn pou parèt nan sistèm nou an. Si ou te deklare sou entènèt, tcheke imèl ou, lojisyèl taks ou a, oswa moun ki te prepare taks ou a pou asire nou te aksepte li.)

Estati ranbousman deklarasyon ou an ap kontinye afiche jiskaske deklarasyon ou a afiche nan sistèm nou an, epi w ap jwenn yon estati ki ajou.

We have received your return and it is being processed. No further information is available at this time.

(Nou resevwa deklarasyon taks ou a. N ap trete li. Pa gen plis enfòmasyon ki disponib pou kounye a.)

An jeneral, se konsa estati deklarasyon an ye lè y ap trete li. Sof si nou chwazi deklarasyon w lan pou nou evalye li plis, oswa nou mande plis enfòmasyon, se pral estati ou pandan tout tretman an jiskaske nou pwograme yon dat pou nou ba ou li epi mete estati ou ajou nan moman sa a. Pandan deklarasyon w lan nan etap sa a, reprezantan Sant Apèl nou yo pa gen plis enfòmasyon ki disponib pou yo ede w. Ofiyamezi estati ranbousman w lan ap chanje, mesaj sa a ap chanje poukont li nan sistèm telefòn otomatize nou an, aplikasyon Tcheke estati ranbousman nou an, ak nan enfòmasyon sou kont ki disponib pou reprezantan nou yo.

We received your return and may require further review. This may result in your New York State return taking longer to process than your federal return. No further information is available at this time.

(Nou te resevwa deklarasyon w lan men li ka mande pou nou evalye li plis. Sa ka lakoz deklarasyon Eta New York ou a pran plis tan pou nou trete li pase deklarasyon federal ou a. Pa gen plis enfòmasyon ki disponib pou kounye a.)

Depi nou resevwa deklarasyon w lan epi nou kòmanse trete li, sistèm tretman otomatik nou an ap eskane li pou li chèche erè oswa siy magouy ladan li. Selon rezilta rechèch sa a, nou ka oblije evalye li alamen. Estati sa a ka pase nan etap tretman ankò, oswa ou ka resevwa yon demann pou bay plis enfòmasyon. Ranbousman w lan ka rete nan etap sa a pou yon peryòd tan pwolonje pou pèmèt nou evalye li. Epi depi ou fin retounen nan etap tretman an, nou ka chwazi deklarasyon w lan pou nou evalye li plis anvan nou trete li. 

Apresa n ap voye yon ranbousman, n ap voye youn nan mesaj sa yo.

  • Your return has been processed. A direct deposit of your refund is scheduled to be issued on (date mm/dd/yyyy). If your refund is not credited to your account within 15 days of this date, check with your bank to find out if it has been received. If it’s been more than 15 days since your direct deposit issue date and you haven’t received it yet, see Direct deposit troubleshooting tips.
    (Nou te travay sou deklarasyon ou an. Gen yon depo dirèk ranbousman ou an ki pwograme pou fèt (date mm/dd/yyyy). Si w pa jwenn ranbousman ou an sou kont ou an nan 15 jou apre dat sa a, verifye ak bank ou pou w wè si yo te resevwa li. Si sa fè plis pase 15 jou depi dat yo te fè depo dirèk la epi ou poko resevwa li, gade nan Direct deposit troubleshooting tips (Konsèy pou rezoud pwoblèm depo dirèk).)

  • Your refund check is scheduled to be mailed on (mm/dd/yyyy). If you have not received your refund within 30 days of this date, call 518-457-5149.
    (Nou pwograme pou poste chèk ranbousman ou a nan dat (mm/dd/yyyy). Si ou pa resevwa ranbousman ou a nan 30 apre dat sa a, rele 518-457-5149.)

Mande depatman an voye mesaj elektwonik

Pi bon fason pou kominike ak Depatman Taks sou deklarasyon w lan se pou ouvri yon kont Sèvis sou Entènèt epi mande yon mesaj elektwonik pou alafwa Bòdwo ak Avi ki an Rapò yo ak Lòt Notifikasyon yo. Pou asire w resevwa mesaj yo pi devan nan Sant Mesaj ki sou paj dakèy Rezime Kont Sèvis sou Entènèt ou an, kreye yon kont kounye a, anvan w fè pwochen deklarasyon w lan. 

Depi w fin konekte nan kont Sèvis sou Entènèt ou a:

  1. Chwazi non ou nan kwen dwat anlè paj dakèy Rezime Kont ou an.
  2. Chwazi Preferans yo, epi chwazi Mesaj elektwonik nan lis ki desann lan.
    Image of log in screen

    Sample of Individuals account type in Online Services

  3. Chwazi opsyon Notifikasyon elektwonik ou vle resevwa imèl sou li a. Pou resevwa yon notifikasyon lè yo ba w ranbousman w lan ak lòt mesaj elektwonik sou ranbousman pou deklarasyon taks ou a, chwazi toude opsyon yo.
    Image of electronic notification screen

    Sample of Bills and Related Notices screen in Online Services.

  4. Li seksyon Rekonesans lan.
  5. Chwazi Anrejistre.
Updated: