Skip to main content

Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Taks yo (Consumer Bill of Rights Regarding Tax Preparers)


Moun ki touche pou prepare ak fasilite deklarasyon taks sou revni yo dwe suiv sèten egzijans selon lwa Eta New York. Pandan pifò moun ki prepare ak fasilite deklarasyon taks sou revni yo respekte lalwa epi yo trete kliyan yo kòmsadwa, se pa yo tout.

Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Taks la dekri dwa ou yo epi li gen enfòmasyon enpòtan sou kijan pou w pwoteje tèt ou lè w ap anboche yon moun pou prepare oswa fasilite taks ou.

Moun ki prepare oswa fasilite deklarasyon taks sou revni yo dwe:

  • afiche Piblikasyon 135.1, Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Taks yo (Consumer Bill of Rights Regarding Tax Preparers) (ki disponib nan lòt lang) epi
  • Ba ou yon kopi Piblikasyon 135, Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Taks yo (Consumer Bill of Rights Regarding Tax Preparers), (ki disponib nan lòt lang) oswa Deklarasyon Dwa Konsomatè New York (New York City Consumer Bill of Rights) anvan tout diskisyon.

Verifye kalifikasyon moun ki prepare oswa fasilite deklarasyon taks sou revni ou an

Sèten moun ki prepare oswa fasilite deklarasyon taks sou revni yo dwe enskri chak ane nan Depatman Taks la (Tak Department) epi afiche yon kopi Sètifika Enskripsyon aktyèl yo.

Pou konfime kalifikasyon moun ki prepare oswa fasilite deklarasyon taks sou revni ou an Verifye sa ak moun ki prepare oswa fasilite taks sou revni ou an.

Konnen opsyon ou yo

Si w ap peye frè pou prepare taks ou a sou ranbousman y ap ba ou an, moun ki prepare oswa fasilite taks ou an ka ofri ou youn nan opsyon sa yo pou resevwa ranbousman ou an:

  • Kredi pou ranbousman ou antisipe (Refund Anticipation Loan, RAL), ki se yon kredi san enterè, ki rele avans ranbousman tou; oswa
  • Chèk pou ranbousman w ap antisipe (Refund Anticipation Check, RAC),ki se yon pwodui labank ki pèmèt yo retire frè pou prepare taks la ak lòt frè ki otorize sou ranbousman ou an, epi yo rele li yon transfè ranbousman tou.

Moun ki prepare oswa fasilite deklarasyon taks sou revni ou an dwe ekri yon deklarasyon alekri sou nenpòt ki frè oswa enterè w ap genyen.

Moun ki prepare oswa deklare taks sou revni yo pa ka egzije w pou w itilize pwodui sa yo. Ou gen dwa pou fè yo mete ranbousman taks ou a dirèkteman sou kont ou labank.

Pou depoze yon plent

Si moun k ap prepare taks ou a pa konfòme li ak egzijans yo ki nan Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Taks yo, ou ka depoze yon plent anliy.

FILE A COMPLAINT (DEPOZE YON PLENT)

Resous

Image of Consumer Bill of Rights Regarding Tax Preparers
Deklarasyon Dwa Konsomatè yo Konsènan Preparatè Taks yo
Updated: