Skip to main content

Reponn avi ou a oswa bòdwo ou a etan sou entènèt (Respond to your notice or bill online)


Si Sèvis Fiskal la voye yon avi oswa yon bòdwo ba ou, ou ka reponn nan kont Online Services (Sèvis sou Entènèt) ou a. Swa ou dakò ak avi nou an oswa bòdwo a, swa ou bezwen bay plis enfòmasyon, oswa ou vle konteste yon desizyon Sèvis Fiskal la te pran, reponn sou entènèt se fason ki pi rapid, ki pi fasil pou rezoud yon pwoblèm. Pou jwenn plis enfòmasyon al gade Reponn Avi Depatman an - swiv pwosesis la etap pa etap (Respond to Department Notice: walkthrough)

Swiv etap ki anba yo pou w ka asire ke w genyen tout bagay ou bezwen anvan ou kòmanse repons ou a, epi pou evite pwoblèm komen yo ki ka retade pwosesis repons ou an.

1. Revize kòman ou pral bezwen reponn. 

Reponn ak yon eksplikasyon sèlman

Si lèt ou a pa mande pou ou voye dokiman sipò, ou ka chwazi reponn ak yon eksplikasyon sèlman. Ou ka tape repons ou an dirèkteman nan bwat yo bay la oswa prepare l davans, kopye li epi kole li nan bwat la.

Repons w ap bay nan bwat la pa dwe depase 1,000 karaktè, men ou pral gen chans pou ou voye yon fichye ki gen yon repons ki pi long si sa nesesè. Konsèy: Pou eksplikasyon ki pi long, kreye epi anrejistre yon fichye avèk repons ou a anvan ou lanse aplikasyon an. Aplikasyon sa a ap kanpe si pa gen okenn aktivite ki fèt sou li pandan yon tan (dis minit oswa plis) epi travay ou a p ap anrejistre.

Voye yon kopi dokiman an

Si avi ou a oswa bòdwo ou a egzije pou w bay yon kopi dokiman an (tankou Fòm DTF-948 ak 948-O), oswa ou chwazi bay yon kopi:

  • revize lis prèv yo aksepte yo pou ka konnen ki dokiman ou ka itilize pou sipòte repons ou a; epi
  • anrejistre tout dokiman ou yo menm kote sou òdinatè w la, pou li ka fasil pou jwenn yo lè w apral gen pou voye yo.

Si ou gen dokiman papye, ou pa bezwen yon eskanè pou fè yon kopi dijital:

  1. Fè foto dokiman an ak telefòn entèlijan w lan oswa tablèt ou a.
  2. Swa ou enrejistre foto a nan telefòn entèlijan w lan oswa tablèt ou a, oswa voye foto a pa imèl bay tèt ou, pou w ka anrejistre li sou yon lòt aparèy.
  3. Revize kopi dijital la (foto a) pou asire ke li klè epi nou ka li tout mo yo.
    Ou ka voye youn (1) oswa plis fichye ak yon gwosè total ki nan 50mb oswa mwens. Nou aksepte fichye ki gen ekstansyon sa yo: doc, docx, rtf, txt, xls, xlsx, xml, jpeg, jpg, bmp, gif, tif, tiff oswa pdf. Nou pa aksepte fichye ki gen yon ekstansyon .zip. Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan fason pou w atache yon dokiman, al gade nan voye yon fichyeNote sa byen: Ou ka bay dokiman nan nenpòt lang.

2. Prepare w pou bay enfòmasyon ou yo.

Lè ou reponn, ou pral bezwen bay:

  • non ou;
  • yon nimewo telefòn pou nou ka jwenn ou lajounen;
  • Pi bon moman pou rele ou se ant 8:30 a.m. pou rive 4:30 p.m. EST, Lendi jiska Vandredi;
  • nimewo Sekirite Sosyal oswa dat nesans moun ki depann de ou a, si yo mande sa; epi
  • non ak nimewo telefòn nenpòt moun nou otorize pale konsènan repons espesyal sa a (pa lòt pwoblèm fiskal) nan non ou.
    Note sa byen: Lè w bay enfòmasyon sa a, ou otorize yon reprezantan epi ou pral bezwen kreye yon PIN ki gen 5 chif pou bay reprezantan ou a, pou nou ka verifye idantite li pou si li rele nan non ou.

3. Jwenn nimewo a sou avi oswa bòdwo ou te resevwa a.

Lè ou reponn etan sou entènèt, ou pral bezwen chwazi kalite avi ou te resevwa a. Pou ka idantifye kalite avi ou a, chache jwenn nimewo fòm avi ou a nan kwen pa anba sou bò goch oswa nan kwen pa anlè sou bò dwat li:

Egzanp Avi ki avèk nimewo fòm ki endike nan kwen pa anba sou bò dwat

Seleksyon kalite avi a

Si ou te resevwa Fòm DTF-948 oswa 948-O, epi seleksyone Respond to department notice (Reponn avi depatman an) nan meni ≡ Services (Sèvis yo), y ap dirije w otomatikman nan yon aplikasyon espesyal ki la pou reponn avi sa yo. Pou tout lòt fòm oswa nimewo avi yo, gade nan tablo anba a.

sample image of Notice type screen

Ekran aplikasyon ki avèk opsyon kalite Avi a.

Seleksyon kalite avi a
Si ou te resevwa: ou ta dwe:
yon avi ak yon idantifikasyon evalyasyon ki kòmanse ak lèt L (L-##########-#) ak yon koupon peman
  • chwazi kalite avi I received a bill (Mwen te resevwa yon bòdwo), epi
  • antre nimewo idantifikasyon evalyasyon ou an.
  • DTF-160
  • DTF-160-A
  • DTF-161
  • DTF-161-A
  • DTF-973.56-O
  • DTF-973.87
  • DTF-973.96-O
  • chwazi kalite avi I received a notice about my refund (Mwen te resevwa yon avi konsènan ranbousman mwen an), epi
  • mete nimewo lokalizatè dokiman w lan (document locator number, DLN).
  • DTF-973.3
  • DTF-973.42
  • DTF-973.52
  • DTF-973.55
  • DTF-973.65
  • DTF-973.66
  • DTF-973.73
  • DTF-973.94
  • yon avi ki kòmanse ak lèt X
  • chwazi kalite avi My return was selected for review or audit (Yo te seleksyone deklarasyon mwen an pou revizyon oswa pou kontwòl), epi
  • antre nimewo idantifikasyon dosye w la, kòmanse ak lèt X.
  • CT-155
  • DTF-275
  • POA
  • ST-565
  • TR-100
  • TR-55.6-E
  • TR-576
  • TR-716.2
  • yon avi ki pa kòmanse ak lèt X epi ki pa nan lis ki nan tablo a
chwazi kalite avi I received a notice not listed above (Mwen te resevwa yon avi ki pa nan lis anwo a).

4. Log in (Konekte) nan kont Sèvis Endividyèl sou Entènèt ou a (oswa kreye li) pou ka reponn

Lè ou fin rasanble tout enfòmasyon w yo, anrejistre yon kopi dijital nenpòt dokiman ou bezwen pou ka reponn, epi idantifye kalite avi w la, ou pare pou kòmanse.

  1. Log in (Konekte ) nan kont Sèvis Endividyèl sou Entènèt ou a (oswa kreye li).
  2. Seleksyone meni ≡ Services (Sèvis yo) nan kwen pa anwo sou bò goch paj dakèy Account Summary (Rezime Kont) ou a.
  3. Chwazi Respond to department notice (Reponn avi depatman an).
  4. Nan paj Questionnaire (Kesyonè a), nan seksyon Notice type (kalite Avi a), seleksyone notice type (kalite avi) ki koresponn ak nimewo fòm avi ou an.

LOG IN (KONEKTE)  CREATE ACCOUNT (KREYE YON KONT)

Updated: