Skip to main content

Reponn yon lèt ki mande plis enfòmasyon (Respond to a letter requesting additional information)

Reponn yon lèt ki mande plis enfòmasyon

Si ou resevwa yon lèt ki mande pou ou bay enfòmasyon oswa dokiman ki te manke pou ou ka jistifye sa ou te mande pou yo ranbouse ou la, sa pa vle di ou te fè yon move bagay. Se yon lòt dispozisyon nou annik pran pou nou ka gen asirans yo te bay ranbousman—pou montan ki kòrèk yo—ak sèlman moun ki gen dwa pou sa. Objektif nou se kanpe ranbousman ki pa sèten yo anvan pou yo bay yo, men se pa pou nou retade ranbousman ou nan.

Pou ou ka idantifye lèt ou te resevwa a, chèche nimewo fòm nan nan kwen anba agoch fòm nan.

two people looking at paper documents

Lèt pou mande Enfòmasyon (Fòm DTF-948 oswa DTF-948-O)

Prensial lèt nou itlize pou mande enfòmasyon sou yon ranbousman se Fòm DTF-948 oswa DTF-948-O, Request for Information (RFI) (Demann pou Enfòmasyon). Si eta ranbousman ou nan endike nou te voye youn nan lèt sa yo, li enpòtan pou ou reponn anvan dat yo endike sou lèt la yon fason pou nou ka kontinye trete demann ou a.

An jeneral, men rezon ki fè nou voye lèt RFI yo:

  • Nou bezwen verifye ou te deklare montan ki kòrèk pou salè ak dediksyon yo pou Eta New York, pou Vil New York ak Yonkers (gade Lis kontwòl pou prèv salè ak dediksyon ki akseptab yo).
  • Nou bezwen verifye si ou te abite oswa si ou t ap travay nan Eta New York, nan Vil New York oswa Yonkers.
  • Ou te mande yon kredi oswa yon avantaj fiskal, epi nou pa t jwenn yon kopi nan fòm ki mache ak deklarasyon enpo ou la. (Nou bezwen yon kopi nan fòm nan pou egzamine kredi ou ap mande a)
  • Nou bezwen verifye kalifikasyon ou pou avantaj kredi yo oswa pou dediksyon detaye ou te mande yo.
  • Ou te mande yon dediksyon pou yon depandan (yon moun ki sou kont ou) epi nou dwe verifye nimewo Sekirite Sosyal oswa dat nesans depandan sa a (gade Lis kontwòl pou prèv ki akseptab pou yon timoun oswa yon depandan).
  • Nou bezwen enfòmasyon pou verifye revni oswa pèt byen imobilye ki nan lokasyon ou te mande.
  • Nou bezwen verifye enfòmasyon konsènan revni oswa pèt pou yon asosyasyon, yon konpayi S oswa yon antrepriz yo fè konfyans.

Ki kote pou ou wè lèt ou a sou entènèt

Si ou te resevwa yon lèt RFI, ou kapab wè li nan  kont sèvis pèsonèl sou entènèt ou a lè ou sèvi ak aplikasyon Reponn yon Avi nan Depatman an. Ou pa bezwen mande kominikasyon elektwonik pou ou gade lèt sa a nan aplikasyon an.

Sitiyasyon anrapò ak Demann Enfòmasyon

sample image of Refund status screen

Nou te voye yon lèt pou ou ki mande plis enfòmasyon. Ou ta dwe resevwa lèt la nan 2 semèn. Pou reponn rapidman epi fasilman ak lèt ou a sou entènèt--epi pou egzamine lis kontwòl nou yo pou yon repons ki kòrèk--chwazi Help nan kwen anwo adwat paj sa a.

Bouton Help la disponib nan aplikasyon Check your refund status (Verifye eta ranbousman ou). Menm enfòmasyon yo disponib anba.

Ki jan pou ou reponn yon lèt RFI (Fòm DTF-948 oswa DTF-948-O)

  1. Konsilte lis kontwòl nou yo pou ou ka asire ou ou mete tout sa nou gen bezwen nan repons ou a:
  2. Rasanble dokiman nou te mande yo.

    Si lèt ou a te gen ladan yon kesyonè epi ou bezwen lòt fèy pou ou mete repons ou a, telechaje yon lòt kopi nan Fòm AU-262.3 Kesyonè pou Verifikasyon Moun ki pa Rezidan, oswa Fòm AU-262.55Kesyonè sou Repatisyon Revni yo.

  3. Anrejistre tout dokiman yo menm kote sou òdinatè ou la, yon fason pou ou ka jwenn yo byen fasil lè ou pare pou ou telechaje yo. Si ou gen dokiman sou fòm papye, ou pa bezwen yon eskanè pou ou fè yon kopi nimerik:
    1. Fè foto dokiman an avèk telefòn entelijan ou nan oswa avèk tablèt ou.
    2. Swa ou anrejistre foto a sou telefòn entelijan ou nan oswa sou tablèt ou a, swa ou ka voye foto a nan kourye bay tèt ou pou ou anrejistre l sou yon lòt aparèy.
    3. Egzamine kopi nimerik la (foto) pou ou gen asirans li klè epi nou kapab li tout mo yo.

      Ou kapab telechaje youn oswa plizyè fichye lè nou mete yo ansanm ki ka fè 50 mb antou oswa mwens. Nou aksepte fichye ki gen non sa yo: doc, docx, rtf, txt, xls, xlsx, xml, jpeg, jpg, bmp, gif, tif, tiff oswa pdf. Nou pa aksepte fichye ki zipe. Gade Telechaje yon fichye: enstriksyon detaye.

  4. Toujou pare pou ou bay enfòmasyon sa yo:
    • non ou,
    • yon nimewo telefòn lajounen kote nou kapab jwenn ou,
    • nimewo Sekirite Sosyal depandan ou nan oswa dat nesans li, si yo mande sa, ak
    • non ak nimewo telefòn tout moun nou gen otorizasyon pou pale avèk yo sou repons sa a an patikilye (se pa sou sa ki gen rapò ak lòt kesyon fiskal) nan non ou (sonje: lè ou bay enfòmasyon sa yo, ou bay otorizasyon pou yon lòt moun ou chwazi epi ou pral bezwen kreye yon kòd PIN 5 chif pou ou kapab bay moun ou chwazi a, yon fason pou n kapab verifye idantite li si li rele nan non ou).

Èske Ou Pare pou ou reponn?

  1. Konekte sou kont Sèvis sou Entènèt ou a oswa kreye yon kont.
  2. Chwazi meni≡ Sèvis, apre sa chwazi Reponn avi depatman an.
  3. Nan paj Avi yo, chwazi avi pa ou nan seksyon Repons Rapid la.
  4. Sèvi ak lis Aksyonki ka dewoule a pou gade oswa pou reponn avi ou te resevwa a.

Pou ou jwenn enstriksyon paj apre paj, ale nan Repons pou Demann Enfòmasyon an: Gid Itilizasyon.

Pou ou konnen ak ki sa ou kapab atann ou apre repons ou a, gade Ki sa k rive annapre.

sample image of Notice type screen

Modèl paj ekran nan Respond to Department Notice (Reponn Avi Depatman an).

Ki jan pou reponn yon lòt lèt

Idantifye nimewo fòm lèt ou a nan kwen anba agoch lèt la, annapre chwazi ekstansyon ki avèk nimewo fòm lèt ou a pou:

  • gade yon modèl nan kopi lèt nou te voye a,
  • egzamine lis kontwòl ki ka enprime nou genyen yo pou endike ki jan pou reponn, epi
  • gade enstriksyonn yo pazapa sou ki jan pou reponn nan fòm Reponn Avi Depatman nou an (pou gen yon apèsi sou fòmilè a:

Si ou te resevwa yon fòmilè ki pa nan lis anba a, gade Reponn ak avi ou la oswa fakti ou la (Respond to your notice or bill).

Modèl yon lèt Depatman Fiskal la bay

Reponn yon lèt

Kisa k ap rive annapre

N ap egzamine repons yo nan lòd nou resevwa yo a. Demann ou a gen dwa rete ann atant pou egzamen pandan yon tan ki pi long, yon fason pou n ka gen tan pou n egzamine l. Depi egzamen an fini, demann ou a pral pase nan etap tretman epi yo kapab chwazi li pou yon lòt egzamen anvan tretman an fini.

Depi tout egzamen yo fini, nou pral trete demann ou a epi n ap bay yon ranbousman, yon fakti oswa yon avi pou revize kont la, si sa nesesè.

Nou ankouraje ou pou ouvri yon kont Sèvis Entèt Pèsonèl ak demann kominikasyon elektwonik yon fason pou ou ka gade sou entènèt tout enfòmasyon nou voye yo.

Si nou apwouve yon ranbousman oswa yon ranbousman revize, estati ou pral gen yon mizajou nan: OSC Approved (Apwobasyon OSC).

Si nou bay yon fakti, estati ou pral gen yon mizajou nan: Evalyasyon Dèt ki Rete. Ou dwe swiv enstriksyon ki nan lèt la epi bay repons ki konplè pou enfòmasyon yo mande yo. Biwo k ap Defann Dwa Moun ki Peye Taks yo p ap ka ede ou si ou pa t reponn demann nou an.

Demonstrasyon: Reponn yon Avi Depatman

Demonstrasyon: Reponn yon Avi Depatman

Mande kominikasyon elektwonik nan depatman an

Pi bon fason pou kominike avèk Sèvis Fiskal la konsènan deklarasyon ou a, se ouvè yon kont Online Services (Sèvis sou Entènèt) epi mande kominikasyon elektwonik pou ni Bills and Related Notices and Other Notifications (Bòdwo ak Avi ki gen Rapò epi Lòt Notifikasyon). Pou asire ke ou resevwa pwochen kominikasyon sant mesajri a nan paj dakèy Account Summary ou a (paj dakèy rezime kont ou a) ki pou sèvis sou entènèt la, kreye oswa konekte nan kont ou a epi mete preferans ou yo ajou kounya menm, anvan ou ranpli pwochen deklarasyon ou a.

Lè ou fin konekte nan kont Online Services ou a (kont Sèvis sou Entènèt ou a):

LOG IN (KONEKTE)  CREATE ACCOUNT (KREYE YON KONT)

  1. Seleksyone non ou nan kwen pa anwo bò dwat paj dakèy Account Summary (Rezime kont) ou a.
  2. Seleksyone Preferences (Preferans), aprè sa seleksyone  Electronic communications (kominikasyon elektwonik) nan meni elaji a.

    Image of log in screen

    Ekran kont sèvis sou entènèt ki avèk opsyon pou seleksyone sa w prefere yo

  3. Chwazi opsyon Electronic notification (notifikasyon elektwonik) ou vle resevwa imèl pou li a. Pou resevwa yon notifikasyon lè yo ranbouse ou ak lòt kominikasyon elektwonik sou ranbousman taks sou revni ou, seleksyone tou de opsyon yo.

    Image of electronic notification screen

    Ekran kont sèvis sou entènèt la ak opsyon ki seleksyone pou resevwa mesaj imèl pou bòdwo ak lòt notifikasyon.

  4. Li seksyon Acknowledgement (Remèsiman an).
  5. Seleksyone Save (Anrejistre).
Updated: