Skip to main content

Repons pou Demann Enfòmasyon an: Gid Itilizasyon

  1. Konekte sou kont Sèvis sou Entènèt (Online Services) ou an.

  2. Nan meni ≡ Services [Sèvis] la, klike sou Respond to department notice [Reponn Avi Depatman an].

  3. Nan paj Notices [Avi] an, itilize bouton meni depliyan pou Actions [Aksyon] an pou w kapab wè oswa reponn avi w lan.

    Seksyon repons rapid lan gen yon meni depliyan ki ekri Actions (Aksyon), ki gen opsyon pou klike sou Respond to Notice (Reponn Avi an) oswa View (Gade).
  4. Klike sou Respond to Notice [Reponn Avi an]. Ekran an ap afiche enfòmasyon dokiman w yo. Sa k afiche an se nimewo lokalizasyon dokiman an (Document Locator Number, DLN) pou avi ou ap voye repons pou li an.

    • Si DLN ki afiche an pa koresponn ak sa ki afiche nan kwen anlè adwat avi w lan, klike sou Back [Retou] pou reponn yon lòt avi.

    • Si DLN lan koresponn, klike sou Continue [Kontinye] pou reponn avi sa.

    • Si ou pa wè yon opsyon pou reponn, sa vle di dat limit pou repons ou an pase oswa sa vle di nou pwograme yon lòt dat pou ou fè sa. W ap jwenn dat limit lan nan premye seksyon avi ou an.

  5. Eksplike repons ou an byen rapid nan seksyon Response to request [Reponn Demann lan] la (li pa obligatwa). Eksplikasyon w lan pa kapab depase 1,000 karaktè. Nan ekran k ap afiche apre sa an, ou dwe atache dokiman nou te mande nan avi sa yo. Lè w fini, klike sou Continue [Kontinye].

  6. Nan paj ki ekri Attach Documentation [Atache Dokiman yo] la, nan seksyon Attach Information [Atache Enfòmasyon] an, chwazi yon opsyon nan meni depliyan Document Type [Kategori Dokiman] an.

    Meni depliyan Document Type (Kategori Dokiman) lan gen yon opsyon pou klike sou Request Documents (Fè Demann Dokiman), Copy of Letter (Kopi Lèt la), oswa Other (Lòt).

  7. Tou pre kote ki ekri File Path la, klike sou Browse [Navige]. Lè w fè sa, l ap ouvè yon nouvo fenèt ki ap afiche fichye ki sou òdinatè w yo. Chwazi fichye oswa dokiman ou vle soumèt la. Pou w jwenn asistans nan etap sa, ale sou Voye yon fichye (Upload a file).
    Peze sou bouton Browse (Navige) la pou w kapab ouvè nouvo fenèt ki montre fichye ki sou òdintè w yo.

  8. Pou soumèt dokiman w yo, klike sou Attach [Atache]. Lè w fini, peze sou Continue [Kontinye]. Nòt: Ou kapab soumèt dokiman w yo nan nenpòt lang.

  9. Nan paj Contact Information [Enfòmasyon Kontak] la, nan seksyon Contact Information [Enfòmasyon Kontak] lan, antre nimewo telefòn yo kapab jwenn ou lajounen an. Klike sou Continue [Kontinye].

  10. Nan paj Review and Verify [Revize epi Verifye] la, konfime enfòmasyon ou bay yo se enfòmasyon ki kòrèk. Pou fè chanjman nan yon seksyon, klike sou Edit [Modifye] nan kazye ki koresponn avè l la.

  11. Klike sou Submit [Soumèt] pou siyati elektwonik ou epi soumèt repons ou an. Nou pral transfere repons ou an bay inite depatman ki apwopriye an pou yo kapab trete li.

  12. Nan paj Transaction Confirmation [Konfimasyon Tranzaksyon] lan, ou pral remake nimewo konfimasyon w lan ak detay sou repons ou an.

    • Anrejistre nimewo konfimasyon an oswa klike sou Print [Enprime] pou w kapab enprime paj Transaction Confirmation [Konfimasyon Tranzaksyon] lan pou w kenbe nan rejis ou.

    • Klike sou View/Print Form [Gade/Enprime Fòm] pou w kapab wè epi enprime yon kopi repons ou an nan fòma PDF. (Nòt: Ou pral resevwa yon mesaj imèl konfimasyon ki genyen ladan li nimewo konfimasyon w lan men li p ap gen detay sou repons ou an.)

  13. Si w te klike sou View/Print Form [Gade/Enprime Fòm], fèmen fenèt ki gen PDF la pou w kapab retounen nan paj Transaction Confirmation [Konfimasyon Tranzaksyon] lan.

  14. Klike sou Close [Fèmen] oswa fèmen fenèt navigatè an pou w kapab retounen nan paj akèy Pwofil Kont ou an.
Updated: