Skip to main content

Mwen te resevwa yon depo dirèk pou ranbousman mwen an. Sa gen tan fè plis pase 15 jou, men mwen poko resevwa li.

Men rezon ki pi kouran ki fè yon bagay ka mal pase:

  • Ou te antre enfòmasyon sou depo dirèk pou yon kont labank ki fèmen, oswa
  • Ou te antre enfòmasyon sou kont labank ki pa kòrèk. Pi souvan, se paske de (2) chif ki nan nimewo kont ou an te chanje plas pa erè (Pa egzanp, nimewo kont Susan lan se 45-26789-21, men li antre 45-26789-12.)
  • Pou deklarasyon ki fèt sou papye, si enfòmasyon ki sou deklarasyon w lan ekri alamen oswa li difisil pou eskanè nou yo li yo, nou ka te mal eskane enfòmasyon sou depo dirèk ou te bay yo.
  • Yo te depoze ranbousman an sou yon kont tanporè moun ki prepare taks pou ou ouvri (gade nan plis enfòmasyon pi ba a).

Solisyon:

  • Pale ak bank ou an oswa enstitisyon finansyè w la pou wè si yo gen yon depo dirèk ki anrejistre pou ou.
  • Tcheke nimewo woutaj ak nimewo kont labank ou te antre sou deklarasyon w lan. Ou kapab gade enfòmasyon sa yo lè w gade yon kopi deklarasyon an oswa lè w konekte nan lojisyèl ou te itilize pou prepare deklarasyon an.
  • Pou deklarasyon an papye yo, asire w ekri nimewo woutaj la ak nimewo kont lan klè pou moun ka li yo.
  • Si w konfime nenpòt nan bagay sa yo: 
    • bank ou an pa gen okenn depo dirèk ki anrejistre pou ou,
    • ou te soumèt enfòmasyon pou yon kont ou konnen ki fèmen kounye a,
    • gen yon erè nan enfòmasyon ou te soumèt yo, oswa
    • yo pa ka li nimewo woutaj oswa nimewo kont ki sou deklarasyon w lan, donk call us (rele nou) pou n ka ede ou.

Nan kèk ka, nou ka oblije ba ou yon chèk an papye pito.

Sonje: Mete enfòmasyon ki sou deklarasyon w lan disponib lè w rele yon fason pou nou kapab verifye idantite ou pou n pwoteje ou.

Konsèy: Ou kapab jwenn enfòmasyon labank ou yo lè w gade nan yon chèk, nan aplikasyon labank ou sou entènèt, oswa lè w kontakte bank ou an.

sample check image

Frè Preparasyon Taks moun ki prepare taks pou ou aksepte oswa nan lojisyèl depo elektwonik ou an

Èske ou te dakò pou peye frè depo yo lè w resevwa ranbousman w lan? Oswa te mande yon peman alavans sou ranbousman w lan lè w te fè deklarasyon w lan? Si wi, moun ki prepare taks pou ou a oswa lojisyèl ou a ka te itilize yon kont tanporè pou li resevwa ranbousman w lan, retire sa w dwe a, epi voye rès kòb la ba ou.

Solisyon: Anvan w rele nou, gade yon kopi deklarasyon an oswa konekte nan lojisyèl ou te itilize pou prepare deklarasyon an pou verifye enfòmasyon labank lan. Chèche siy ki montre yo te depoze ranbousman w lan sou yon kont tanporè:

Nimewo kont lan ka:

  • gen ladan nimewo Sekirite Sosyal ou a;
  • gen nenpòt nan karaktè sa yo: A, RAL, oswa JH; oswa
  • gen 12 oswa plis chif.

Si w konfime yo te depoze ranbousman an sou yon kont tanporè, kontakte moun ki prepare taks pou ou a oswa konpayi lojisyèl ou a pou konnen estati depo dirèk ou a.

Si enfòmasyon ki nan seksyon enfòmasyon labank deklarasyon w lan se nimewo woutaj ak nimewo kont ki korèk la, rele nou pou n kapab ede w.

Sonje: Mete enfòmasyon ki sou deklarasyon w lan disponib lè w rele yon fason pou nou kapab verifye idantite ou pou n pwoteje ou.

Konnen dwa ou yo

Moun ki prepare taks pou ou a oblije ba ou kèk enfòmasyon lè w aksepte yon peman alavans. Gade Consumer Bill of Rights Regarding Tax Preparers (Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Deklarasyon Taks) pou jwenn plis enfòmasyon. Si w panse moun ki prepare taks pou ou a pa t ba ou enfòmasyon ki konplè anvan w te siyen deklarasyon w lan, gade File a complaint about a tax return preparer (nan Pote plent pou yon moun ki prepare taks).

Updated: