Skip to main content

Pwogram Òf an Konpwomi (Offer in Compromise program)

Kisa yon òf an konpwomi ye epi kiyès ki kalifye?

Òf an pwogram Konpwomi an bay kontribyab ki kalifye epi ki gen pwoblèm lajan yo opòtinite pou yo bliye obligasyon fiskal ki ap malmennen yo lè yo peye yon pati rezonab nan dèt fiskal yo genyen an. Nou kapab konsidere òf an konpwomi nan men:

  • moun ak biznis ki pa kapab peye dèt oswa yo retire responsablite dèt sou do yo, epi
  • moun ki pa an mezi pou peye dèt ni fè fayit, si lè yo peye tout dèt la, sa pral kreye gwo difikilte ekonomik.  (Sèlman moun ki ka aplike pou egzanpsyon sou baz gwo difikilte ekonomik, ki ka gen ladan egzanpsyon nan dèt biznis yo responsab pèsonèlman pou yo peye.)

Si ou aplike pou yon òf nan konpwomi, nou pral bay aplikasyon w lan anpil enpòtans, men, nou pral sèlman konsidere òf ou a si ou respekte kritè kalifikasyon yo. Nou pral analize òf ou a pou nou detèmine si nou aksepte li, l ap nan enterè Eta New York ak lòt kontribyab yo. Sa ka, pa egzanp, mande pou peye nèt nenpòt taks fidisi ou dwe (lavant ou pa peye oswa taks ou kenbe, sanksyon ak enterè pa ladan) pou rive nan yon konpwomi. Pa konsekan, nou pa p aksepte tout òf aplikan ki kalifye yo.

Kisa gwo difikilte ekonomik lan ye?

An jeneral, gwo difikilte ekonomik rive lè ou pa kapab peye frè sibsistans debaz ki rezonab. Frè sibsistans debaz yo se frè ki asire sante, byennèt ak pwodiksyon revni pou ou menm ak fanmi ou. Nou konte sou Nòm Finansyè IRS pou Rekouvreman pou ede detèmine frè sibsistans debaz ki rezonab yo. 

Anplis frè sibsistans debaz yo, nou pral konsidere lòt faktè ki kapab fè enpak sou sitiyasyon finansyè ou lè n ap evalye yon reklamasyon pou gwo difikilte ekonomik, ki gen ladan: 

  • laj, sitiyasyon pwofesyonèl, ak eksperyans pwofesyonèl
  • ou pa kapab fè yon revni akoz yon maladi alontèm, pwoblèm sante, oswa andikap
  • obligasyon anvè depandan yo
  • sikonstans san parèy tankou frè edikasyon espesyal, katastwòf medikal oswa katastwòf natirèl
  • ou pa kapab prete ni likide byen akoz difikilte

Gwo difikilte ekonomik la pa gen ladan lefètke ou pa kapab kenbe yon mòdvi rich oswa abondan. Lè n ap egzamine depans ou yo pou n detèmine gwo difikilte ekonomik la, nou jeneralman pa admèt sa yo kòm frè sibsistans ki nesesè:

  • ekolaj lekòl prive
  • frè pou kolèj
  • don pou charite
  • don pou retrè volontè
  • peman sou kat kredi

Si ou kwè ou pa kalifye pou Pwogram Òf an Konpwomi an, Eta New York ofri plan peman ki ka ede ou peye dèt ou dwe yo avèk yon peman chak mwa ki abòdab. Gade Antant pou peye pa vèsman pou jwenn plis enfòmasyon.

Fason pou aplike

Ou dwe dakò pou respekte kèk tèm ak kondisyon anvan nou aksepte òf ou a. Gade Tèm ak kondisyon òf an konpwomi an pou jwenn yon lis rezime. Si ou ap aplike sou entènèt, ou kapab wè tout tèm yo nan aplikasyon Wèb la. Si ou ap aplike nan kourye lapòs, al gade nan Fòm DTF-4 oswa Fòm DTF-4.1, ki anba a.  Si nou aksepte òf ou a, nou pral voye ba ou tou yon kopi tout tèm ki aplikab pou òf ou a nan kourye lapòs.

Kisa k ap rive apre ou fin aplike?

Si ou aplike sou entènèt, ou ap resevwa yon konfimasyon elektwonik.

Si ou aplike nan kourye lapòs, ou ap resevwa yon lèt ki di:

  • aplikasyon ou an konplè, oswa
  • ou pa mete enfòmasyon espesifik ki nesesè epi ou dwe soumèt li anvan nou egzamine aplikasyon ou an.

Depi aplikasyon an konplè, li ap fè yon ti tann anvan yo bay yon moun egzamine li. Moun sa a ap kontakte ou menm oswa reprezantan ou an lè pwosesis pou egzamine li a kòmanse. Nou ap mande dokiman anplis, si sa nesesè, pandan nou ap egzamine aplikasyon an.

Gade Piblikasyon 220, Pwogram Òf an Konpwomi, pou jwenn plis enfòmasyon ak enstriksyon.

Èske ou toujou gen kesyon? Rele nou nan 518-591-5000 pou nou reponn yon kesyon oswa rezoud yon pwoblèm.

Updated: