Skip to main content

Lwa sou Ameriken Ki Gen Andikap yo


Avi dapre Lwa sou Ameriken Ki Gen Andikap yo

Dapre egzijans tit II nan Lwa 1990 la sou Ameriken Ki Gen Andikap yo (Americans with Disabilities Act, ADA), Depatman Taks ak Finans Eta New York la p ap fè diskriminasyon kont moun ki gen andikap epi ki kalifye sou baz andikap nan sèvis, pwogram oswa aktivite li yo.

Travay

Depatman Taks ak Finans Eta New York la pa fè diskriminasyon sou baz andikap nan pratik anbochaj oswa travay li epi li konfòme li ak tout règleman Komisyon Opòtinite Egal nan Travay Ozetazini ki pibliye dapre tit 1 ADA a.

Kominikasyon efikas

Depatman Taks ak Finans Eta New York la anjeneral ap bay èd ak sèvis apwopriye ki mennen nan kominikasyon efikas pou moun ki kalifye epi ki gen andikap yo, si yo mande yo, pou yo ka patisipe yon fason egal nan pwogram, sèvis ak aktivite Depatman Taksa ak Finans lan, ki gen ladan entèprèt langaj siy ki kalifye, dokiman an bray ak lòt fason pou rann enfòmasyon ak kominikasyon aksesib pou moun ki gen pwoblèm lapawòl, tande oswa vizyon.

Modifikasyon nan règleman ak pwosedi yo

Depatman Taks ak Finans Eta New York la pral fè tout modifikasyon rezonab nan règleman ak pwogram yo pou asire moun ki gen andikap yo gen opòtinite egal pou yo jwi tout pwogram, sèvis ak aktivite li yo. Pa egzanp, yo akeyi nan biwo Depatman Taks ak Finans lan moun ki gen bèt pou ede yo, menm pou kote jeneralman yo entèdi bèt domestik. 

Nenpòt moun ki bezwen yon sèvis oksilyè oswa sèvis pou kominikasyon efikas, oswa yon modifikasyon nan règleman oswa pwosedi pou patisipe nan yon pwogram, sèvis oswa aktivite nan Depatman Taks ak Finans lan, dwe kontakte Reprezantan nou an pou yon Akomodasyon Rezonab nan Reasonable.Accommodations@tax.ny.gov, kou sa posib men pa pita pase 48 èdtan anvan evènman yo pwograme a.

ADA pa egzije Depatman Taks ak Finans pou l pran okenn mezi ki ta ka chanje yon fason fondamantal nati pwogram oswa sèvis li yo oswa ki ta ka enpoze yon chaj finansye oswa administratif san rezon. 

Yo dwe voye bay Reprezantan nou an pou yon Akomodasyon Rezonab tout plent ki montre yon pwogram, sèvis oswa aktivite Depatman Taks ak Finans lan pa aksesib pou moun ki gen andikap yo nan Reasonable.Accommodations@tax.ny.gov.

Depatman Taks ak Finans lan p ap mete yon frè siplemantè sou yon moun patikilye ki gen yon andikap oswa nenpòt gwoup moun ki gen andikap pou kouvri depans pou bay èd/sèvis oksilyè oswa modifikasyon rezonab nan règleman, tankou rekipere atik nan anplasman ki louvri pou piblik la men ki pa aksesib pou moun ki itilize chèz woulant. 

Pwosedi pou Pote Plent dapre Lwa sou Ameriken Ki Gen Andikap yo

Pwosedi pou plent sa a etabli pou reponn ak egzijans Lwa 1990 la sou Ameriken ki Gen Andikap yo. ("Americans with Disabilities Act, ADA"). Nenpòt moun ki vle pote yon plent ka itilize li pou denonse diskriminasyon sou baz andikap nan zafè bay sèvis, aktivite, pwogram oswa avantaj nan Depatman Taks ak Finans Eta New York la. Yo kouvri lòt kote, plent sou diskriminasyon ki gen rapò ak travay akòz andikap, nan règleman ki disponib nan biwo resous imen Depatman Taks ak Finans Eta New York la.

Plent lan dwe alekri epi li dwe genyen enfòmasyon sou swadizan diskriminasyon an tankou non, adrès, nimewo telefòn moun ki pote plent lan ak kote, dat, epi deskripsyon pwoblèm nan. Pa gen fòm patikilye pou plent lan ki obligatwa. Lòt mwayen pou depoze plent, tankou entèvyou pèsonèl oswa yon anrejistreman plent lan ap disponib pou moun ki gen andikap yo si yo mande yo.

Se moun k ap pote plent lan ak/oswa reprezantan li an ki dwe soumèt plent lan kou sa posib, men pa pita pase 60 jou sivil apre swadizan vyolasyon an bay:

DRA - DESIGNEE FOR REASONABLE ACCOMMODATION
NYS DEPARTMENT OF TAXATION AND FINANCE
ATTENTION: DESIGNEE FOR REASONABLE ACCOMMODATION (ADA COORDINATOR)
BUILDING 9, ROOM 256
W.A. HARRIMAN STATE OFFICE CAMPUS
ALBANY, NY 12227

Nan lespas 15 jou kalandriye apre yo fin resevwa plent lan, Kowòdonatè ADA a oswa reprezantan li an pral rankontre ak moun ki pote plent lan pou diskite sou plent lan ak sou rezolisyon ki posib yo. Nan lespas 15 jou kalandriye apre reyinyon an, Kowòdonatè ADA a oswa reprezantan li an pral reponn alekri, epi kote sa apwopriye, nan yon fòma k ap aksesib pou moun ki pote plent lan, tankou gwo lèt, Bray, oswa kasèt odyo. Repons lan pral eksplike pozisyon Depatman Taks ak Finans Eta New York la epi ofri opsyon reyèl pou rezoud plent lan.

Si repons Kowòdonatè ADA a oswa reprezantan li an pa rezoud pwoblèm nan yon fason ki satisfezan, moun ki pote plent lan ak/oswa reprezantan li an ka fè apèl kont desizyon chèf ajans lan oswa reprezantan li an nan lespas 15 jou kalandriye apre l fin resevwa repons lan.

Nan lespas 15 jou kalandriye apre li resevwa apèl la, chèf ajans lan oswa reprezantan li an pral reponn alekri ak rezolisyon final ajans lan sou plent lan, epi, kote sa apwopriye, nan yon fòma k ap aksesib pou moun ki pote plent lan, oswa montre yo te retounen zafè a bay Kowòdonatè ADA a pou pran lòt mezi. Si yo montre lòt mezi, yo pral kontakte moun ki pote plent lan nan lespas 15 jou apati repons alekri a.

Depatman Taks ak Finans Eta New York la pral konsève tout plent alekri Kowòdonatè ADA a oswa reprezantan li an resevwa, apèl kont chèf ajans lan oswa kont reprezantan li an, ak repons biwo sa yo pandan omwen twa (3) lane.

Resous

Updated: