Skip to main content

Posibilite Aksè

Eta New York la angaje tèt li pou l garanti menm opòtinite yo pou moun ki gen andikap yo. Se yon pati enpòtan nan politik eta an pou yo ofri amenajman rezonab nan tout aktivite, pwogram, ak sèvis li yo. Politik sa baze sou Lwa Federal pou Ameriken ki Andikape yo, Tit II lan [Americans with Disabilities Act, Title II] ak Lwa sou Dwa Moun nan Eta New York la [New York State Human Rights Law].

Amenajman rezonab yo gen pou wè ak:

  • posibilite aksè fizik nan sant etablisman, pwogram, ak evènman gouvènman yo;
  • chanjman nan politik yo nan objektif pou garanti tout moun ki gen andikap yo kapab patisipe, epi benefisye nan tout pwogram ak sèvis ki fèt nan non eta an;
  • pwopozisyon asistans ak sèvis oksilyè ki nesesè pou garanti kominikasyon aefikas ak moun ki gen andikap yo.

Pou fè demann yon amenajman rezonab, kontakte [Designee for Reasonable Accommodation] Reprezantan Amenajman Rezonabnou an. Nòt: Reprezantan nou an pa kapab ede nan demann enfòmasyon fiskal yo. Pou jwenn asistans nan kad demann enfòmasyon fiskal, ale gade nan paj (Contact us) Kontakte Nouan.

Posibilite Aksè nan Sit Entènèt la

Si w gen andikap epi w pa kapab gen aksè ak enfòmasyon ki sou sit entènèt nou an, kontakte [Designee for Reasonable Accommodation] Reprezantan Amenajman Rezonabnou an. 

Pou w kapab konnen plis konsènan sèvis ak teknoloji sit netènèt nou an pwopoze pou moun ki gen difikilte pou tande ak pale yo, ale sou Asistans pou moun ki soud, pa tande byen yo, oswa sa ki gen difikilte pou pale yo [Assistance for those who are deaf, hard of hearing, or who have speech disabilities].

Pou jwenn asistans jeneral pou:

Resous

Updated: