Skip to main content

Sipò Teknik


Konsèy pou rezoud pwoblèm

Si w gen pwoblèm pou konekte nan kont Sèvis An Liy ou an, suiv konsèy sa yo anvan w kontinye.

Retire kouki yo, fichye tanporè yo, ak istorik yo nan navigatè w la. Chwazi navigatè w la nan lis ki pi ba a epi suiv enstriksyon yo.

Pa itilize mak paj ni favori pou paj koneksyon Sèvis An Liy lan ni okenn paj nan kont Sèvis An Liy ou an. Pito:

  1. Ale sou sitwèb Depatman an
    ki se www.tax.ny.gov oswa paj dakèy Sèvis An Liy lan nan www.tax.ny.gov/online/.
  2. Chwazi Konekte nan labanyè ki anwo adwat la.
  3. Konekte nan kont Sèvis An Liy ou an.

Ou bliye non itilizatè ou oswa modpas ou

Itilize sèvis Bliye non itilizatè ou nou an pou rejwenn non itilizatè kont NY.gov yo ki asosye ak adrès imèl ou an.

Itilize sèvis Bliye modpas ou nou an pou reyinisyalize modpas ou pou kont Sèvis An Liy ou an.

Ou kapab jwenn lyen sa yo tou sou paj dakèy ak paj koneksyon Sèvis An Liy nou an.

Chanje oswa reyinisyalize yon modpas

Pou chanje modpas ou an pandan w konekte nan kont Sèvis Anliy ou an.

  1. Chwazi non w nan pati anlè adwat kont ou an.
  2. Klike sou Preferences [Preferans]
  3. Klike sou Edit personal information [Modifye enfòmasyon pèsonèl]
  4. Ranpli seksyon Login Information [Enfòmasyon Koneksyon] an. Tanpri sonje sa se yon modpas tanporè, kidonk ou pral bezwen kreye yon modpas pèmanan pwochèn fwa w konekte.
  5. Klike sou Save [Anrejistre].

Antanke yon Administratè an Chèf, ou kapab reyinisyalize modpas itilizatè w yo. Pou reyinisyalize modpas youn oswa plizyè nan itilizatè w yo:

  1. Konekte sou kont Online Services ou an.
  2. Klike sou meni Services [Sèvis] nan pati anlè agoch nan paj akèy Account Summary [Rezime Kont] ou an.
  3. Klike sou User Summary [Rezime Itilizatè].
  4. Klike sou meni Actions [Aksyon] ki koresponn ak itilizatè w lan
  5. Klike sou Edit user [Modifye Itilizatè].
  6. Ranpli seksyon Login Information [Enfòmasyon Koneksyon] an.
  7. Klike sou Save & Continue [Anrejistre epi Kontinye].

Lè itilizatè an konekte nan kont Online Services [Sèvis Anliy] li an ak yon modpas tanporè, y ap resevwa yon mesaj ki ap envite yo kreye yon modpas pèmanan.

Antanke yon Administratè oswa Manadjè nan yon kont Pwofesyonèl Fiskal, ou kapab reyinisyalize modpas anplwaye w yo.  Pou reyinisyalize modpas youn oswa plizyè nan anplwaye w yo:

  1. Konekte sou kont Online Services ou an.
  2. Klike sou meni Services [Sèvis] nan pati anlè agoch nan paj akèy Account Summary [Rezime Kont] ou an.
  3. Klike sou Employee Summary [Rezime Anplwaye].
  4. Klike sou meni Actions [Aksyon] ki koresponn ak anplwaye w lan
  5. Klike sou Edit employee [Modifye Anplwaye].
  6. Ranpli seksyon Login Information [Enfòmasyon Koneksyon]
  7. Klike sou Save & Continue [Anrejistre epi Kontinye].

Lè anplwaye an konekte nan kont Online Services [Sèvis Anliy] li an ak yon modpas tanporè, y ap resevwa yon mesaj ki ap envite yo kreye yon modpas pèmanan.

Mizajou kont: validasyon anplis

Si w konekte nan kont Sèvis An Liy ou an epi ou wè yon paj ki di “Mizajou Kont: Sekirite kont NY.gov ou an se pi gwo priyorite nou. Pou garanti sekirite ou, nou chwazi kont ou an pou yon pwosesis validasyon anplis”, ou kapab rejwenn aksè nan kont ou an lè w itilize sèvis Bliye modpas nou an ak lè w chwazi Reyinisyalize grasa imèl lè yo envite w fè sa.

Navigatè wèb yo

Sitwèb nou an fonksyone san pwoblèm ak dènye vèsyon:

  • Microsoft Edge
  • Internet Explorer
  • Google Chrome
  • Mozilla Firefox
  • Apple Safari

Fòk ou aktive JavaScript pou navigatè w la ka fonksyone ak sitwèb nou an.

Navigatè ou dwe genyen pou fè peman kat kredi oswa peman debi ACH PrompTax

Itilize vèsyon navigatè sa yo ou pi renmen pou pèmèt ou rive fè peman kat kredi oswa peman debi ACH PrompTax:

  • Microsoft Internet Explorer 11 oswa pi wo
  • Google Chrome 38 oswa pi wo
  • Mozilla Firefox 31 oswa pi wo
  • Apple Safari 7 oswa pi wo

Resous yo

Updated: