Skip to main content

Fason pou konprann estati ranbousman ou an


Nou resevwa plizyè milyon apèl kontribyab k ap mande plis enfòmasyon sou estati ranbousman yo chak ane; epi chak ane nou chèche pi bon fason pou nou ba ou enfòmasyon ou bezwen yo san nou pa mande w rete rete sou liy lan pou mande yon reprezantan. Nou analize fidbak ou kite pou nou yo regilyèman. Nou devlope resous sa a pou ede reponn kèk nan kesyon ou poze pi souvan yo.

Kesyon jeneral yo

Kesyon. Ki lè nan jounen an ou mete estati deklarasyon yo ajou?

Repons. Pa gen okenn lè nan jounen an pou aktyalize estati yo; nou mete estati ranbousman w lan ajou nenpòt lè deklarasyon taks  ou a pase nan yon nouvo etap pandan n ap trete li epi evalye li. Pou jwenn yon lis ki gen estati ki pi kouran ou ka wè pandan y ap trete deklarasyon w yo, gade pi ba a.

Kesyon. Poukisa reprezantan w yo di yo pa gen plis enfòmasyon sou estati ranbousman mwen an?

Repons. Reprezantan nou yo gen aksè nan menm enfòmasyon nou ba ou yo lè nou itilize zouti otomatize yo. Lè nou mete estati ou ajou, mizajou tout zouti ranbousman yo, tankou liy telefòn otomatize nou an ak aplikasyon Tcheke estati ranbousman w lan, ap fèt an menm tan, poukont yo.

Kesyon. Poukisa ou pa kapab di mwen kilè m ap resevwa ranbousman mwen?

Repons. Chak deklarasyon diferan. Nou pral trete yon deklarasyon senp pi rapid. Men, deklarasyon ki mande kèk kredi ki ka atire makouy pral petèt mande pou youn oswa plizyè sistèm evalyasyon Depatman Taks (Tax Department) fè yon evalyasyon anplis. Pi bon fason pou resevwa ranbousman w lan pi rapid se fè demann lan sou entènèt epi konnen kredi ou ka gen dwa pou jwenn yo. Si w mande yon kredi ou pa elijib pou li, deklarasyon w lan ka pran plis mwa pou nou trete li. Nan ka sa yo, nou pral mande w enfòmasyon anplis yon fason pou nou kapab pran yon desizyon. Nou vle w mande—ak resevwa—kredi ou gen dwa pou jwenn yo. Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou egzijans pou kredi ou ka elijib pou jwenn yo, gade Kredi sou deklarasyon taks ak Zafè kenbe dosye pou moun.

Anba a, w ap jwenn plis enfòmasyon sou estati ou poze kesyon sou yo pi souvan yo.


Montan ranbousman an oswa nimewo Sekirite Sosyal la pa koresponn

Si enfòmasyon ou antre a lè w ap tcheke estati ranbousman w lan pa koresponn ak sa nou gen nan sistèm nou an, ou ka resevwa youn nan mesaj ki pi ba yo. Pou w rezoud pwoblèm lan, suiv etap nou bay ki gen nimewo yo.

  • Enfòmasyon ou bay yo pa koresponn ak dosye nou genyen yo. Tanpri verifye nimewo Sekirite Sosyal ou ak tout montan lajan ranbousman ou mande a jan li parèt sou fòm taks Eta New York ou a.
  • Enfòmasyon ou antre a pa koresponn ak montan ki sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Èske w antre tout montan lajan an sèlman?  Pa egzanp, w ap antre $223.45 kòm 2 2 3. Epitou, asire w se montan ranbousman Eta New York ou a ou antre, se pa montan ranbousman Federal ou a.
  • Enfòmasyon ou antre a pa koresponn ak montan ki sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Anvan w antre enfòmasyon w yo pou katriyèm fwa, tanpri verifye pou wè si w antre menm enfòmasyon ou te bay sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Enfòmasyon yo pa koresponn fwa sa a, ou pa p anmezi pou itilize sèvis sa a pandan 24 èdtan.
  • Enfòmasyon ou te antre yo pa koresponn ak dosye nou yo genyen yo. Tanpri verifye pou wè si w antre menm enfòmasyon ou te bay sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Tanpri kite omwen 24 èdtan pase anvan w jwenn aksè nan sèvis sa a ankò.

Fason pou rezoud pwoblèm:

  1. Al gade tabloMontan ranbousman ou mande a pou jwenn ak evalye liy ranbousman ou mande nan deklarasyon taks ou te fè a.
    1. Si liy sa a vid, oswa ou te antre zewo, ou pa t mande yon ranbousman epi ou pa kapab itilize zouti Tcheke ranbousman mwen an.
    2. Si moun ki prepare taks pou a te bay enfòmasyon ki diferan epi ou pa gen yon kopi deklarasyon li te prepare a, kontakte li. Lalwa egzije li pou li ba w yon kopi deklarasyon taks li fè a. Gade Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Taks pou jwenn plis enfòmasyon.
  2. Lè ou konfime montan ranbousman ki sou liy Montan ranbousman ou mande sou deklarasyon taks ou a, antre montan sa a nan zouti Tcheke ranbousman an.

Remak: Reprezantan nou yo pa gen otorizasyon pou yo di w montan ranbousman w lan, menm apre yo fin verifye idantite ou. Ou dwe al gade deklarasyon taks ou te fè a oswa mande yon kopi nan depoze Fòm DTF-505, Otorizasyon pou Pataje Fotokopi Deklarasyon Taks ak/oswa Enfòmasyon sou Taks. Bay 30 jou pou nou trete demann ou fè pou kopi a.


Pa gen plis enfòmasyon

Nou resevwa deklarasyon taks ou a. N ap trete li. Pa gen plis enfòmasyon ki disponib pou kounye a.

An jeneral, se konsa estati deklarasyon an ye lè y ap trete li. Sof si nou chwazi deklarasyon w lan pou nou evalye li plis, oswa nou mande plis enfòmasyon, se pral estati ou pandan tout tretman an jiskaske nou pwograme yon dat pou nou ba ou li epi mete estati ou ajou nan moman sa a. Pandan deklarasyon w lan nan etap sa a, reprezantan Sant Apèl nou yo pa gen plis enfòmasyon ki disponib pou yo ede w. Ofiyamezi estati ranbousman w lan ap chanje, mesaj sa a ap chanje poukont li nan sistèm telefòn otomatize nou an, aplikasyon Tcheke estati ranbousman nou an, ak nan enfòmasyon sou kont ki disponib pou reprezantan nou yo.


Li ka mande plis evalyasyon

Nou te resevwa deklarasyon w lan men li ka mande pou nou evalye li plis. Sa ka lakoz deklarasyon Eta New York ou a pran plis tan pou nou trete li pase deklarasyon federal ou a. Pa gen plis enfòmasyon ki disponib pou kounye a.

Depi nou resevwa deklarasyon w lan epi nou kòmanse trete li, sistèm tretman otomatik nou an ap eskane li pou li chèche erè oswa siy magouy ladan li. Selon rezilta rechèch sa a, nou ka oblije evalye li alamen. Estati sa a ka pase nan etap tretman ankò, oswa ou ka resevwa yon demann pou bay plis enfòmasyon. Ranbousman w lan ka rete nan etap sa a pou yon peryòd tan pwolonje pou pèmèt nou evalye li. Epi depi ou fin retounen nan etap tretman an, nou ka chwazi deklarasyon w lan pou nou evalye li plis anvan nou trete li. 


Nou bezwen plis enfòmasyon sou kantite jeretyen ou te mande sou deklarasyon w lan

Nou te voye yon lèt ba ou pou mande enfòmasyon pou verifye kantite jeretyen ou te mande sou deklarasyon taks ou a. Pou gade lèt ou a sou entènèt epi reponn li kounye a, kreye yon kont Sèvis sou Entènèt. Pou jwenn enstriksyon, tape lèt W-2 nan bwat Chèche Taks la ki sou sitwèb nou an epi chwazi Reponn lèt W-2. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele nan 518-457-2751.

Si estati ranbousman w lan te fenk pase nan estati sa a, nou pral voye Fòm DTF-973.56-O ba ou. (Gade Respond to W-2 letter (Reponn lèt W-2) pou wè yon kopi.)

Pou reponn sou entènèt kounye a, ou pral bezwen yon DNL oswa Nimewo Lokalizatè Dokiman ki nan kwen dwat anlè avi nou te voye ba ou a. Lè ou voye enfòmasyon ba nou konsènan deklarasyon w lan, nou mande w pou mete DLN lan.

Fason pou Reponn atravè kont Sèvis Endividyèl ou gen sou Entènèt la

  • Glise desann nan seksyon Detay sou taks sou revni pèsonèl la.
  • Chwazi Peryòd depo pou deklarasyon n ap poze kesyon sou li a. Nimewo konfimasyon ki parèt pou chak peryòd depo se menm ak DLN ou an pou deklarasyon sa a:

sample image or Personal income tax credits

Updated: