Skip to main content

Kredi èd pou taks sou pwopriyete (Property tax relief credit)

Kredi èd pou taks sou pwopriyete a dirèkteman redwi fado taks sou pwopriyete w la, si w te yon pwopriyetè ki kalifye. Kantite kredi a, se te yon pousantaj ekonomi Èd Taks pou Lekòl (School Tax Relief, STAR) ou yo.

Kredi èd pou taks sou pwopriyete a ekspire. Men, si ou te kalifye pou kredi a nan lane 2018, oswa 2019, men ou kwè w pa t resevwa l:

  1. Verifye ou pa t resevwa yon chèk, annik sèvi avèk Property Tax Credit Lookup (Rechèch Kredi Taks sou Pwopriyete) nou an.
  2. Lè ou fin konfime ou pa t resevwa yon chèk, kontakte Property Tax Information Center (Sant Enfòmasyon konsènan Taks sou Pwopriyete) nou an pou ka jwenn èd.

Kalifikasyon

Pou ou kapab kalifye, nan yon ane anvan, ou dwe te:

  • rete nan yon distri lekòl ki respekte limit taks sou pwopriyete nan Eta New York la, (gade si pa w la respekte limit sa a: School district compliance with the property tax cap) (Konfòmite distri lekòl la avèk limit taks sou pwopriyete a.)
  • kalifye pou egzanpsyon oswa kredi STAR Debaz la oswa sa ki Amelyore a (Basic or Enhanced STAR exemption or credit),
  • genyen yon revni ki se $275,000 oswa mwens, epi
  • peye taks sou pwopriyete lekòl la pou ane ki aplikab la.

Definisyon revni pou èd konsènan taks sou pwopriyete a

Pou kredi èd konsènan taks sou pwopriyete a, yo defini revni kòm revni federal total ki ajiste (Federal Adjusted Gross Income, FAGI) depi de (2) lane anvan, modifye pou:

  • kantite nèt pou pèt yo rapòte nan Fòm Federal C, D, E oswa F la pa depase $3,000;  
  • kantite nèt nenpòt lòt kategori separe pou pèt, pa depase $3,000; epi
  • montan total tout pèt yo, pa depase $15,000.

Pa egzanp, pou kredi èd konsènan taks sou pwopriyete pou ane 2019 la, kalifikasyon revni an te baze sou ane fiskal 2017 la.

Rezidan Vil New York yo

Vil New York pa anba limit taks la epi, se poutèt sa, rezidan ki nan vil la pa t kalifye pou kredi sa a.

Kantite kredi èd pou taks sou pwopriyete a

Benefisyè STAR Debaz yo (Basic STAR)

Si ou te benefisye pwogram STAR Debaz la epi si ou te kalifye pou kredi èd pou taks sou pwopriyete a, montan kredi ou a se te yon sèten pousantaj (se revni w lan ki detèmine l) nan ekonomi STAR Debaz ou a.

Pousantaj ekonomi STAR Debaz yo selon revni an
Revni Pousantaj ekonomi STAR Debaz ou a pou ane 2018 Pousantaj ekonomi STAR Debaz ou a pou ane 2019
$75,000 oswa mwens 60.0% 85.0%
ant $75,000 pou rive $150,000 42.5% 60.0%
ant $150,000 pou rive $200,000 25.0% 35.0%
ant $200,000 pou rive $275,000     7.5% 10.0%

Benefisyè program STAR Amelyore yo (Enhanced STAR)

Si w benefisye egzanpsyon oswa kredi STAR Amelyore a, revni w lan pa gen enpak sou kantite kredi èd pou taks sou pwopriyete w la. Kantite kredi ou a pral yon pousantaj fiks nan ekonomi STAR Amelyore ou a, pou chak ane sa yo:

  • 2018—26%
  • 2019—34%
Updated: