Skip to main content

Ranbousman sou revni ki touche pou paran ki p ap viv ak timoun nan


Nimewo idantifikasyon

Ou dwe gen yon nimewo Sekirite Sosyal ki valid pou ou menm ak pou chak timoun ou yo ki kalifye anvan dat limit deklarasyon an (ki gen ladan ekstansyon).

Ki moun ki kalifye?

Ou kapab gen dwa pou w mande kredi ranbousman sa a si ou:

  • pa t fè demann New York State earned income credit (ranbousman sou revni ki touche nan Eta New York, EIC),
  • te yon rezidan nan Eta New York pandan tout ane a,
  • te gen laj omwen 18 ane,
  • se paran yon timoun (oswa plizyè timoun) ki pa t abite avè w epi ki te gen mwens pase 18 ane,
  • gen yon lòd ki anvigè pou omwen mwatye nan ane fiskal la ki egzije w pou w fè peman sipò timoun w ap peye atravè yon Inite Koleksyon Sipò nan Eta New York, (Support Collection Unit, SCU) epi
  • te peye omwen montan sipò pou timoun tribinal la te mande a pandan ane fiskal la.

Konbyen ranbousman an ye?

Pi gwo kantite ou ka mande:

  • 20% nan EIC federal ou te kapab mande (daprè FAGI ou genyen ki rekalkile nan NY ak revni ou touche) si timoun ki p ap viv ak paran l la satisfè definisyon pou timoun ki kalifye a. Kalkile montan sa a kòmsi ou te gen yon sèl timoun ki kalifye san benefisye nan montan diminisyon pwogresif deklarasyon jeneral la (menm si ou te marye epi ou fè yon deklarasyon ansanm); oswa
  • ou te kapab mande 2,5 fwa EIC federal la (selon FAGI ou genyen ki rekalkile nan New York ak revni rekalkile ou touche) si w satisfè kondisyon kalifikasyon yo, kalkile kòmsi ou pa gen pitit ki kalifye. Si montan ranbousman an depase dèt fiskal ou a, ou ka jwenn yon ranbousman san enterè.

Verifikasyon ranbousman an:

Ou pa bezwen verifye kalifikasyon pou mande ranbousman an. Biwo Asistans Tanporè ak Andikap nan Eta New York ap verifye otomatikman ou:

  • se paran yon timoun minè ki pa abite avèk ou;
  • gen yon lòd sipò timoun ki peye atravè yon SCU nan Eta New York; epi
  • ajou nan peman ou yo jan òdonans tribinal la mande sa.

Lòt enfòmasyon

Gade  Form IT-209 (Fòm IT-209), Demann Ranbousman sou Revni ki Touche pou paran ki p ap viv ak timoun nan nan Eta New York, ansanm ak instructions (enstriksyon l yo).

Updated: