Skip to main content

Kredi pou revni ou touche (Eta New York) (Earned income credit: New York State)

Nimewo idantifikasyon

Ou dwe genyen yon nimewo Sekirite Sosyal ki valab pou ou epi pou chak timoun ou genyen ki kalifye yo, anvan dat limit reklamasyon an (gen ladan pwolonjman yo).

Ki moun ki kalifye? 

Ou ka gen dwa pou reklame kredi sa a, si ou:

  • pa t reklame Noncustodial Parent New York State Earned Income Credit (Kredi Revni Ou Touche ki pou Paran ki pa Gadyen Timoun nan Eta New York la), epi
  • si ou te kalifye epi si ou te reklame kredi pou revni federal la, oswa ou te ka fè l sou nouvo kalkil Revni Federal Total ki Ajiste nan New York la (Federal Adjusted Gross Income, FAGI) ak nouvo kalkil revni ou touche a. (Note sa byen: Y ap kalkile nimewo sa yo sou deklarasyon ou a.) 

Pou jwenn plis enfòmasyon sou kalifikasyon pou kredi federal la, gade IRS EITC home page (paj akèy IRS EITC a).

Konbyen kredi a ye?

  • Kredi a egal a 30% kredi sou revni fedral ou touche ki akseptab, ki redwi akoz nenpòt kantite kredi pou kay la.

Èske kredi a ranbousab?

  • rezidan pandan tout ane yo—li konplètman ranbousab
  • moun ki pa rezidan—li pa ranbousab
  • moun ki rezidan sèlman pandan yon pati nan ane a—li pasyèlman ranbousab 

Ki kondisyon konsènan kenbe dosye, ki genyen pou moun ki se travayè endepandan yo?

Asire ou kenbe pandan tout ane a dosye biznis ou planifye pou reklame kredi pou li a. Sa a se paske yon kontribyab dwe pwouve revni li touche (earned income) pou reklame kredi a. Ou pral bezwen enfòmasyon sa yo, si w se yon travayè endepandan:

  • liv ak dosye ki montre revni biznis ou touche a ak depans biznis ou peye chak jou (dosye yo ta dwe gen ase enfòmasyon pou detèmine kòrèkteman resèt brit ane fiskal la, depans biznis yo, ak pri acha aktif ak estòk), epi 
  • dokiman ki sipòte done ki nan liv yo ak dosye yo, gen ladan resi kès yo, deklarasyon labank, fich depo, chèk ki anile, fakti, fich kat kredi, 1099-MISC, elatriye.

Nou p ap peye kredi a, si ou pa fè dosye yo lè yo mande w yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou egzijans pou kenbe dosye a, gade DTF-215 (DTF-215), Sijesyon Kenbe Dosye pou Moun ki se Travayè Endepandan yo.

Enfòmasyon adisyonèl

Updated: