Skip to main content

Nou Di Nouvo Vandè yo Byenveni (Welcome new vendor)


Lè ou se yon vandè ki fèk enskri, ou dwe konnen obligasyon ou pou taks sou lavant. Paj sa a pral ede ou aprann enfòmasyon debaz sou taks sou lavant, epi l ap bay lòt enfòmasyon itil pou vandè yo.

Aprann obligasyon vandè ou

Bilten Taks* ki endike anba la yo bay yon fason ki fasil pou aprann eleman debaz sou taks sou lavant

Obligasyon debaz vandè yo

Sa ki taksab ak kantite lajan taks pou touche 

Deklare taks sou lavant ou

Ou bezwen yon kont Sèvis sou Entènèt (Online Services) pou Deklare taks sou lavant ou sou Entènèt (Web File), poutèt sa nou rekòmande ou pou anrejistre imedyatman ki posib pou ou. Lè ou gen yon kont, w ap kapab deklare taks sou lavant ou epi w ap kapab pwograme peman yo; w ap resevwa rapèl tou sou lè pou deklare taks sou lavant ou ak lòt mizajou enpòtan sou taks sou lavant. Si ou potko, nan yon ti tan ou pral resevwa yon lèt k ap soti nan Depatman Taks (Tax Department) sou fason pou kreye yon kont Sèvis ou Entènèt k ap ou enstwiksyon sou fason pou anrejistre. Si ou bezwen èd pou kreye yon kont, rele Sant Enfòmasyon Taks sou Lavant (Sales Tax Information Center) nan nimewo 518-485-2889.

CREATE ACCOUNT

Vandè ki satisfè touletwa egzijans ki anba la yo epi ki pa itilize sèvis yon preparatè taks dwe deklare taks sou lavant yo sou Entènèt.

  • Ou prepare deklarasyon taks sou lavant ou (si ou itilize sèvis yon preparatè taks, preparatè ou ta dwe deklare taks sou lavant ou sou entènèt);
  • Ou itilize yon òdinatè pou prepare, note, oswa kalkile deklarasyon taks sou lavant ou; epi
  • Ou gen aksè sou Entènèt ki gen debi wo.

Si ou pa satisfè touletwa egzijans sa yo pou deklare taks sou lavant ou sou entènèt oswa si ou chanje dat ou kòmanse biznis lan, tanpri rele Sant Enfòmasyon sou Taks sou Lavant (518-485-2889).

Mete ou ajou sou nouvo lwa ak enfòmasyon sou taks

  • Gade videyo YouTube Depatman Taks ki konsantre sou taks sou lavant ak ti biznis yo (disponib nan lang Anglè sèlman).

 Sijè espesyal ak lòt enfòmasyon itil sou taks sou lavant

Enfòmasyon yo disponib pou: 

Si ou ta renmen jwenn èd yon pwopriyetè biznis ki gen eksperyans, ale sou sitwèb https://businessmentor.ny.gov/ pou jwenn yon Gid Biznis.

Klike la a pou jwenn Kèk Rapèl Itil pou Vandè yo konsènan Nouvo Taks sou Lavant (ansanm ak yon vèsyon ki fasil pou enprime).

 *Yon Bilten Fiskal se yon dokiman ki bay anpil enfòmasyon epi ki la pou bay konsèy jeneral nan langaj senplifye sou yon sijè ki enterese kontribiyab yo. Li egzat apati dat nou pibliye li. Men, kontribiyab yo ta dwe konnen chanjman ki fèt annapre nan Lwa sou Taks oswa nan entèpretasyon li ka afekte presizyon yon Bilten Fiskal. Enfòmasyon nou bay nan dokiman sa a pa konsène chak sitiyasyon epi yo pa la pou ranplase lwa a oswa pou chanje siyifikasyon li.

  Anplis bilten nou rekòmande yo, Piblikasyon 20, Gid Taks Eta New York pou Nouvo Biznis yo, Piblikasyon 750, YonGid pou Taks sou Lavant nan Eta New York, ak Piblikasyon 900, Enfòmasyon Enpòtan pou Pwopriyetè Biznis yo bay prèske tout enfòmasyon w ap bezwen konnen sou egzijans konsènan taks sou lavant, epi nou ta rekòmande pou ou gade yo yon lè. *

Updated: