Skip to main content

Rapèl Enpòtan Pou Vandè ki gen Taks Sou Lavant yo (Helpful Reminders for Sales Tax Vendors)


Felisitasyon ak nouvo biznis nan Eta New York ou fenk demare a. Men kèk rapèl enpòtan konsènan obligasyon ou genyen konsènan taks.

Vèsyon fasil pou ou ka enprime (pdf)

Deklare epi peye taks ou avan dat limit la

Fòk ou bay deklarasyon taks sou lavant yo nan dat sa yo:

  • 20 mas
  • 20 jen
  • 20 septanm
  • 20 desanm

Ou sipoze deklare taks ou, menm si ou pa te kòmanse biznis ou a jan ou te planifye a. Si ou pa deklare taks ou, oswa ou deklare li ta, oswa ou pa peye taks ou dwe a, w ap gen yon penalite ak enterè pou peye otomatikman. Penalite yo kapab anpil - jiska 30% taks ou dwe a.

Ou pa dwe taks menm?

Ou dwe depoze yon deklarasyon taks sou lavant menm si ou pa te vann anyen ki gen taks sou li, ou pa te achte okenn bagay ki gen taks sou li, oswa pou pa gen okenn kredi pou deklare. W ap gen penalite pou peye si ou pa deklare taks ou.

Kreye Yon Kont Sèvis Sou Entènèt

Fason ki pi fasil ak pi rapid pou deklare taks ou se nan sèvis pou Depoze Taks Sou Lavant Sou Sitwèb Depatman Taks la (Tax Deparment). An reyalite, pifò biznis oblije Depoze deklarasyon Taks yo sou Sitwèb la.

Li gratis pou deklare taks ou sou Sitwèb la, men w ap bezwen kreye yon Kont Sèvis Sou Entènèt si ou poko fè sa deja. Ou petèt te deja resevwa yon lèt nan men nou ak enstriksyon sou kijan pou ou kreye yon Kont Sèvis Sou Entènèt. Si ou resevwa li, jis swiv enstriksyon sa yo a lè pou w ka deklare taks ou yo avan dat limit la. Si ou pa resevwa li, kontakte nou.

Kenbe kontabilite ak dosye

Ki liv kontab ak dosye ou sipoze kenbe? Ou ta dwe gade nan Bilten Taks Kondisyon pou konsève rejis pou komèsan ki dwe taks sou lavant (Recordkeeping Requirements for Sales Tax Vendors) (TB-ST-770) sou Sitwèb nou an pou jwenn yon eksplikasyon konplè sou ki liv kontab ak dosye pou ou kenbe. Lè ou depoze yon deklarasyon sou lavant taks, li dwe montre:

•montan total vant yo,
•vant ki ka gen taks sou li,
•acha biznis la ki gen taks sou li men vandè a pa te peye taks sou li
•kredi (si genyen),
•vant ak itilize taks ou dwe pou chak lokalite, ak
•lòt taks espesyal ou dwe.

Tout dosye ou yo dwe date epi ann òd. Dosye ou yo dwe gen ase detay pou kapab detèmine yon fason endepandan si yo kapab mete taks sou chak vant apa ak taks ki dwe ak taks ki kolekte. Ou dwe kenbe tout dosye ou yo pou yon minimòm twazan apre dat pou w deklare taks pou dosye sa yo, oswa nan dat ou deklare taks la, si li pita.

Kenbe yon kont labank separe pou taks sou lavant

Nou ankouraje tout vandè taks sou lavant yo pou yo louvri yon kont labank apa volontèman pou taks sou lavant yo kolekte pou kont Eta New York pou rann li pi fasil pou yo konfòme ak lwa fiskal la.

Nou la pou ede w

Li enpòtan pou ou kreye bon abitid ak taks sou lavant depi nan kòmansman biznis ou a. Rele nou nan (518) 485-2889 si ou gen difikilte pou deklare taks ou oswa pou peye taks ou. N ap travay ak ou pou nou kapab asire ou satisfè obligasyon ou yo.

Pou plis enfòmasyon oswa èd, ale sou Sitwèb nou nan—www.tax.ny.gov

Updated: