Skip to main content

Kondisyon pou depoze fòm deklarasyon taks soulLavant ak itilizasyon (Filing requirements for sales and use tax returns)

Tax Bulletin ST-275-HAI (TB-ST-275-HAI)

Printer-Friendly Version (PDF)

Issue Date: Updated November 20, 2015



Entwodiksyon 

Si ou anrejistre pou objektif lavant ak itilizasyon nan Eta New York, ou dwe depoze deklarasyon taks sou lavant ak itilizasyon Bilten sa a eksplike kondisyon pou depoze fòm deklarasyon taks sou lavant pou trimès, yon pati nan trimès la (chak mwa), ak komèsan ki fè deklarasyon chak ane, tankou obligasyon pou deklarasyon taks sou fòm elektwonik. Si ou pa byen konnen si ou dwe anrejistre pou objektif taks sou lavant, gade Bilten sou Taks ki rele  Èske Mwen Dwe Anrejistre pou Taks sou Lavant? (Do I need to register for sales tax) (TB-ST-175)

Obligasyon pou fè deklarasyon taks sou fòm elektwonik 

Komèsan ki deklare taks sou lavant dwe fè deklarasyon taks sou lavant yo sou entènèt si yo satisfè twa (3) nan kondisyon ki endike anba la yo: 

  • prepare dokiman taks yo poukont yo, sa yo pa jwenn èd yon pwofesyonèl taks;
  • itilize yon òdinatè, note oswa kalkile deklarasyon taks obligatwa yo, oswa yo depannde yo obligasyon pou yo deklare taks sosyete yo; epi
  • gen aksè sou entènèt ki gen debi wo. 

Ou kapab fè deklarasyon taks sou tout lavant ou ak anèks yo sou entènèt, tankou: 

  • deklarasyon taks sou lavant chak mwa, chak trimès, ak chak ane
  • Deklaran PrompTax ki soumèt Fòm ST-810
  • deklarasyon taks ki pa dwe taks, deklarasyon taks ki modifye ak deklarasyon taks final
  • Fòm ST-330, Rejis Peman aks sou Lavant Davans (Sales Tax Record of Advance Payment)
  • Fòm AU-11, Aplikasyon pou Kredi oswa Ranbousman Taks oswa Taks sou Itilizasyon (Application for Credit or Refund of Sales or Use Tax) 

W ap bezwen fè yon pwosesis anrejistreman yon sèl fwa anvan ou kapab deklare taks ou sou entènèt. Gade Deklarasyon taks sou lavant sou entènèt (Sales tax web file) pou jwenn plis enfòmasyon. 

Deklarasyon taks ou sou lavant ak itilizasyon 

Deklarasyon taks ou sou lavant ak itilizasyon se yon rezime aktivite biznis ou, tankou: 

  • lavant anvan taks;
  • lavant ki pa taksab epi ki egzante;
  • lavant ki taksab;
  • acha oswa itilizasyon ki depannde taks;
  • kredi ou reklame sou deklarasyon taks ou;
  • taks sou lavant, taks sou itilizasyon, ak nenpòt taks espesyal ou te touche oswa ou te gen obligasyon pou touche; epi
  • dènye enfòmasyon konsènan biznis ou. 

Kantite fwa ou dwe deklare taks sou lavant depannde kantite lavant ou ki taksab (epi acha yo depannde taks sou itilizasyon), oswa kantite taks ou dwe. Menmsi biznis ou pa t fè okenn lavant oswa acha ki taksab pandan peryòd rapòtaj la, ou dwe deklare taks sou lavant ak itilizasyon ou anvan dat limit lan. 

Tablo ki anba la a rezime ki fòm taks sou lavant ou dwe ranpli. Nou eksplike ou fòm ak anèks yo nan paj apre bilten sa a ak nan lyen nou ba ou yo. 

Komèsan ki Deklare Taks yo Chak Trimès

W ap ranpli:

Fòm yo ak anèks yo

Peryòd pou ranpli fò deklarasyon taks ou

Yon deklarasyon taks ck trimès si: 

  • ou pa t resevwa yon avi ki endike ou dwe fè deklarasyon taks ou chak ane (gade piblikasyon Frekans deklarasyon taks ou ka chanje anba la a), epi 
  • resi taksab ou yo, acha ou yo depannde taks sou itilizasyon, lwaye, epi frè amizman pi piti pase $300,000 dola pandan trimès anvan an. 

(Pifò komèsan yo deklare taks yo chak trimès lè yo anrejistre pou premye fwa pou yo touche taks sou lavant.)

ST-100, Deklarasyon Taks Eta New York ak Taks Lokal sou Lavant ak Itilizasyon Chak Trimès (New York State and Local Quarterly Sales and Use Tax Return)

Anèks taks sou lavant chak trimès

  • 1ye mas jiska 31 me; 
  • 1ye jwen jiska 31 out; 
  • 1ye septanm jiska 30 novanm; epi 
  • 1ye desanm jiska 28/29 fevriye

 

Komèsan ki fè deklarasyon taks yo chak ane

W ap ranpli:

Fòm yo ak anèks yo

Peryòd pou ranpli fò deklarasyon taks ou

Yon fòm deklarasyon taks anyèl si ou dwe $3,000 dola oswa mwens nan taks pandan yon peryòd pou deklare taks ou chak ane.

ST-101, Deklarasyon Taks Eta New York ak Taks Lokal sou Lavant ak Itilizasyon Chak Ane (New York State and Local Annual Sales and Use Tax Return) 

Anèks taks sou lavant chak ane

1ye mas jiska 28/29 fevriye.

 

Komèsan ki Fè Deklarasyon Taks yo pandan yon Pati nan Trimès la (chak mwa)

W ap ranpli:

Fòm yo ak anèks yo

Peryòd pou ranpli fò deklarasyon taks ou

Yon deklarasyon taks pou yon pati nan trimès la (chak mwa) ki kòmanse avèk premye mwa pwochen trimès taks sou lavant si ou fè deklarasyon taks sou lavant ou chak ane oswa chak trimès, epi: 

  • resi taksab total melanje ou, acha ou yo depannde taks, lwaye ak frè amizman se $300,000 dola oswa plis nan yon trimès, oswa 
  • ou se yon distribitè jan sa defini anba Atik 12-A Tax Law (Lwa sou Taks) epi ou te vann yon total 100,000 galon oswa plis pwodui abaz petwòl (sa ki taksab ak sa ki pa taksab).

ST-809, Deklarasyon Taks Eta New York ak Taks Lokal sou Lavant ak Itilizasyon pou Komèsan ki Deklare Taks yo pou Yon Pati Nan Trimès La (New York State and Local Sales and Use Tax Return for Part-Quarterly Filers) 

ST-810, Deklarasyon Taks Eta New York ak Taks Lokal sou Lavant ak Itilizasyon Chak Trieès pou Komèsan ki Deklare Taks yo pou Yon Pati Nan Trimès  (New York State and Local Quarterly Sales and Use Tax Return for Part_Quarterly Filers) 

Anèks taks sou lavant pou yon pati nan trimès la (chak mwa)

Chak Mwa

PrompTax 

PrompTax se yon pwogram deklarasyon ak peman taks sou fòm elektwonik ki obligatwa pou sèten biznis. Depatman Taks (Tax Department) ap fè ou konnen pa lapòs si ou gen obligasyon pou patisipe. PrompTax se yon pwogram obligatwa ki egzije komèsan ki deklare gwo taks sou lavant (anjeneral avèk responsablite pou yon taks sou lavant ak itilizasyon chak ane ki pi plis pase $500,000 dola) pou yo: 

  • peye taks sou fòm elektwonik dapre yon anèks peman espesyal akselere; epi
  • deklare taks sou lavant ak itilizasyon yo chak trimès ki konsilye tout peman yo pou trimès fiskal anvan an.

Gade PrompTax pou jwenn plis enfòmasyon. 

Fason nou detèmine frekans deklarasyon taks ou okòmansman 

Deklarasyon taks chak ane 

N ap klase ou otomatikman kòm yon komèsan ki deklare taks li chak ane lè ou anrejistre pou taks sou lavant si ou: 

  • endike ou pa espere peye oswa touche okenn taks sou lavant oswa itilizasyon (pa egzanp, ou anrejistre pou aksepte sètifika egzanpsyon), epi
  • dekri aktivite biznis prensipal ou kòm fabrikan oswa vandè angwo

Deklarasyon taks chak ane, Fòm ST-101, Deklarasyon Taks eta New York ak Taks Lokal sou Lavant ak Itilizasyon Anyèl (New York State and Local Annual Sales and Use Tax Return), konsène peryòd 1ye mas jiska 28/29 fevriye. Anjeneral, paske ou dwe fè deklarasyon taks sou lavant ou 20 jou apre fen peryòd rapòtaj la, ou dwe fè deklarasyon taks anyèl ou yo anvan 20 mas chak ane. 

Deklarasyon taks chak trimès 

Si ou pa kalifye pou deklare taks chak ane, n ap klase ou kòm yon komèsan ki deklare taks chak trimès lè ou anrejistre pou premye fwa pou objektif taks sou lavant. 

  • Peryòd rapòtaj pou deklarasyon taks chak trimès se 1ye mas jiska 31 me, 1ye jwen jiska 31 out, 1ye septanm jiska 30 novanm, epi 1ye desanm jiska 28/29 fevriye.
  • Ou dwe fè deklarasyon taks chak trimès anvan 20 jou apre fen trimès kote yo asosye a. 

Frekans deklarasyon taks ou ka chanje 

Frekans deklarasyon taks ou ka chanje apre yon peryòd tan, selon kantite lavant taksab ou oswa taks ou dwe. Lè frekans deklarasyon taks ou chanje, deklarasyon kòrèk la ap disponib otomatikman lè ou fè Deklarasyon Taks ou sou Entènèt. 

Chak trimès an chak ane — Si ou se yon komèsan ki deklare taks ou chak trimès epi taks total ou dwe pou kat (4) dènye peryòd trimès ou deklare taks la se $3,000 dola oswa mwens, Depatman Taks ka re-klase ou kòm yon komèsan ki deklare taks chak ane. Depatman Taks ap fè ou konnen chanjman an. 

Chak ane ak chak trimès — Si ou se yon komèsan ki deklare taks chak ane nan moman an, epi pandan peryòd deklarasyon anyèl ou, taks total sou lavant ak itilizasyon ou depase $3,000 dola, Depatman Taks ka re-klase ou kòm yon komèsan ki deklare taks chak trimès. Chanjman an deklarasyon chak trimès la ap anvigè nan trimès taks sou lavant apre peryòd anyèl lè taks total sou lavant ak itilizasyon ou depase $3,000 dola. Depatman Taks ap fè ou konnen chanjman an. 

Chak trimès an yon pati nan trimès (chak mwa) — Si kantite total lavant taksab ou (ak acha ki depannde taks sou itilizasyon) pandan nenpòt trimès se $300,000 dola oswa plis, ou dwe kòmanse fè deklarasyon taks ou chak mwa. Chanjman an kondisyon pou deklare taks ou chak mwa ap anvigè nan premye mwa apre trimès taks sou lavant ou lè tranzaksyon taksab ou yo egal a oswa depase $300,000 dola. Depatman Taks ap fè ou konnen chanjman an. 

Ou dwe kontinye deklare taks ou chak mwa jouk lè lavant taksab ou pi piti pase $300,000 dola chak trimès pou kat (4) trimès youn-apre-lòt. Nan moman sa a, ou ka kontakte Depatman Taks pou mande yon chanjman an kondisyon pou deklare taks ou chak trimès.

Nòt: si ou se yon distribitè gaz pou machin oswa dizèl pou machin anba Atik 12-A, epi si ou te vann yon total 100,000 galon oswa plis gaz pou machin oswa dizèl pou machin (taksab oswa non-taksab), ou dwe deklare taks ou chak mwa apati premye mwa pwochen trimès taks sou lavant lan. Ou dwe kontinye deklare taks ou yo chak mwa jouk lè lavant pwodui abaz petwòl ou totalize plis pase 100,000 galon pou kat (4) trimès youn-apre-lòt, lè ou ka kontakte Depatman Taks pou mande yon chanjman nan sitiyasyon pou deklare taks ou chak trimès. 

Lòt fòm ou ka gen pou ranpli 

Non sèlman ou dwe fè deklarasyon taks prensipal, ou ka gen obligasyon tou pou ranpli youn oswa plis anèks yo itilize pou rapòte sèten tranzaksyon. Ou dwe ranpli anèks A, B, CW, FR, H, N, P, T, ak W ansanm avèk deklarasyon taks ou anba sèten kondisyon, jan sa dekri anba la a: 

  • Itilize Anèks A pou rapòte taks ak resi taksab yo nan lavant manje ak bwason (manje nan restoran, manje pou pote ale, elatriye) epi kliyan ki nan chanm otèl/motèl nan Konte Nassau oswa Niagara, ak kotizasyon admisyon, klèb, ak frè kabarè nan Konte Niagara. 
  • Itilize Anèks B si ou: (1) bay sèvis piblik ki pa nan kay nan sèten konte kote distri lekòl yo oswa minisipalite vil yo enpoze taks, (2) bay sous enèji nan kay ak sèvis ki depannde taks lokal, (3) se yon komèsan ki bay sèvis ki endike anwo a epi ou voye bòdwo ba lokatè yo sou yon baz sou-kontaj, oswa (4) te achte nenpòt nan sa ki endike anwo a san peman taks sou lavant (anba pèmi peman dirèk, sof sètifika acha, oswa lòt sètifika). (Pou jwenn yon lis pousantaj rezidansyèl, gade Piblikasyon 718-R, Pousantaj Taks Lokal sou Lavant ak Itilizasyon Sou Sous ak Sèvis Enèji nan Kay (Local Sales and Use Tax Rates On Residential Energy Sources and Services.)
  • Itilize Anèks CW pou bay enfòmasyon sou kredi ou te reklame pou lavant ki taksab oswa acha ki depannde itilizasyon taks, si ou pa depannde otorizasyon pou deklare taks ou sou fòm elektwonik (sètadi, itilize li sèlman si w ap deklare taks ou sou papye). 
  • Itilize Anèks FR si ou fè lavant andetay gaz machin oswa gaz pou machin dizèl admisib yo kondi sou otowout oswa si ou rapòte taks sou itilizasyon sou itilizasyon gaz machin oswa dizèl machin admisib yo kondi sou otowout, ou pran nan envantè (gade Piblikasyon 718‑F, Pousantaj Taks Lokal sou Lavant ak Itilizasyon sou Gaz Machin ki Admisib, Gaz Machin Dizèl yo Kondi sou Otowout, ak Byodizèl B20 (Local Sales and Use Tax Rates on Qualified Motor Fuel, Highway Diesel Motor Fuel, and B20 Biodiesel)). 
  • Itilize Anèks H si ou fè lavant andetay rad ak soulye ki kalifye pou egzanpsyon nan taks Eta New York ak Taks Lokal sou lavant ak itilizasyon (gade Piblikasyon 718-C, Pousantaj Taks sou Lavant ak Itilizasyon Lokal sou Rad ak Soulye (Local Sales and Use Tax Rates on Clothing and Footwear)). 
  • Itilize Anèks N si ou bay sèten sèvis ki depannde taks sou lavant nan Vil New York, gade Bilten Fiskal Sèvis pèsonèl divèla ak lavant asosye nan Vil New York (Miscellaneous personal services and related sales in New York City) (TB-ST-575). Answit, itilize Anèks N-ATT si ou se yon founisè sèvis pakin nan Vil New York. 
  • Itilize Anèks P si ou se yon komèsan ki anrejistre pou fè peman PrompTax pou taks sou lavant ak itilizasyon epi ou pa depannde obligasyon pou deklare taks ou sou fòm elektwonik (sètadi, ou deklare taks ou sou papye). 
  • Itilize Anèks T pou rapòte taks sou lavant ou dwe nan sèvis telefòn, sèvis repondè telefòn, ak sèvis telegraf nan sèten konte, distri lekòl, ak vil.
  • Itilize Anèks W si ou te fè acha ki kalifye pou kredi nan taks sou lavant ak itilizasyon Antrepriz Zòn New York ki Kalifye (Qualified Empire Zone Enterprise, QEZE). Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou detèmine si ou satisfè kalifikasyon yo, gade Enstwiksyon ki nan Anèks W chak Trimès (Quarterly Schedule W Instructions)

Lè pou deklare taks ou 

Anjeneral, ou dwe deklare taks sou lavant ou nan 20 jou egzakteman apre fen peryòd yo asosye a. Si ou pa deklare taks ou epi si ou pa peye nenpòt taks ou dwe nan dat oswa anvan dat ou dwe li a, w ap gen pou peye sanksyon ak enterè. 

Sanksyon ak enterè poutèt pou pa deklare ak peye taks ou 

Si ou deklare taks ou anreta, si ou pa peye tout kantite lajan taks ou dwe a, oswa si ou fè toulède, w ap dwe sanksyon ak enterè, epitou ou pa kapab reklame yon kredi rekouvreman komèsan (gade Kredi rekouvreman komèsan (Vendor collection credit) (TB-ST-925) ki nan Bilten Fiskal). Nou kalkile sanksyon ak enterè yo sou kantite lajan taks ou dwe a. Sanksyon minimòm poutèt ou deklare taks ou anreta se $50 dola, menmsi ou pa dwe taks pou peryòd rapòtaj la.

Ou dwe enterè a sou nenpòt kantite lajan ou pa peye lè ou dwe lajan an epi li ogmante apati dat deklarasyon taks ou pou rive nan dat ou peye taks la. Enterè a konpoze chak jou, epi nou ka ajiste pousantaj la chak trimès. Ou kapab itilize Kalkilatè sanksyon ak enterè sou entènèt (Penalty and interest calculator) pou detèmine kantite lajan sanksyon ak enterè ou dwe a. Answit, anpil sanksyon sivil ak kriminèl ka aplike si ou pa konfòme ou avèk responsablite pou touche ak remèt taks sou lavant lan (gade Bilten Fiskal Sanksyon nan taks sou lavant ak itilizasyon (Sales and use tax penalties) (TB-ST-805)).

 

Nòt:   Yon Bilten Fiskal se yon dokiman ki bay anpil enfòmasyon epi ki la pou bay konsèy jeneral nan langaj senplifye sou yon sijè ki enterese kontribiyab yo. Li egzat apati dat nou pibliye li. Men, kontribiyab yo ta dwe konnen chanjman ki fèt annapre nan Lwa sou Taks oswa nan entèpretasyon li ka afekte presizyon yon Bilten Fiskal. Enfòmasyon nou bay nan dokiman sa a pa konsène chak sitiyasyon epi yo pa la pou ranplase lwa a oswa pou chanje siyifikasyon li.

Updated: