Subscribe
Abòne nan Enfòmasyon an Kreyòl Ayisyen pou resevwa yon imèl lè nou pibliye kontni an Kreyòl Ayisyen.
Nou gen patenarya ak Free File Alliance pou ba w plis chwa pou ranpli deklarasyon taks sou revni Eta New York ou an anliy—gratis.
Si ou te fè 73,000 dola oswa mwens pandan ane 2021 an - wi, pandan w ap itilize omwen youn nan founisè lojisyèl yo site anba la!
Si ou te touche plis pase 73,000 dola nan ane 2021 an, ale nan Lòt opsyon pou deklare anliy (Other e-file options) pou ou ka aprann plis sou chwa w genyen pou ou ka depoze anliy.
Enpòtan: limit sou revni ki make pou chak vandè gen pou wè ak revni brit ajiste federal ou a. Definisyon Revni Brit Ajiste Federal (Federal Adjusted Gross Income, AGI) Revni brit gen ladan salè, dividann, gen kapital, revni nan biznis, distribisyon pou retrèt, ansanm ak tout lòt revni tou. Pou jwenn plis enfòmasyon, Vizite IRS nan Definisyon Revni Brit Ajiste.
Pou tout bagay w ap gen bezwen pou chwazi lojisyèl ki efikas la epi prepare deklarasyon w lan. ale nan Prepare w pou w ranpli deklarasyon taks sou revni w anliy (Get ready to e-file your income tax return). Pou jwenn lòt zouti, ale nan Sant Resous pou Sezon Taks (Filing Season Resource Center) pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou depoze.
Kondisyon kalifikasyon diferan pou chak founisè lojisyèl. Si ou pa reponn ak kondisyon founisè lojisyèl ou chwazi a, founisè lojisyèl lan kapab fè w peye yon frè. Tanpri li kondisyon pou ou kalifye yo byen anvan ou kòmanse.
Sonje, malgre nenpòt chwa w fè, ranpli anliy se mwayen ki pi rapid, pi fasil epi pi sekirize a!
Remak: Si yo pa enimere opsyon Free File ou te itilize ane pase a, ou ka toujou ranpli anliy pandan w ap itilize youn nan lòt opsyon yo, men ou ap bezwen kreye yon kont ak nouvo lojisyèl la. Sonje pou ou genyen yon kopi deklarasyon enpo ane pase a disponib konsa w ap ka gen tout enfòmasyon ou ap bezwen pou ranpli anliy pi fasil!
Ou kalifye pou itilize founisè lojisyèl sa a gratis si:
Ou dwe ale nan sitwèb OLT Free File la gras ak paj sila a, osinon, y ap fè w peye pou sa a. (Si yo fè w peye pou sa, kanpe epi kontakte vandè a dirèkteman.)
Ou kalifye pou itilize founisè lojisyèl sa a gratis si:
Ou dwe ale nan sitwèb TaxAct Free File la gras ak paj sila a, osinon, y ap fè w peye pou sa a. (Si yo fè w peye pou sa, kanpe epi kontakte vandè a dirèkteman.)
Ou kalifye pou itilize founisè lojisyèl sa a gratis si:
Ou dwe rantre sou sitwèb FreeTaxUSA la gras ak paj sila a, osinon, y ap fè w peye yon frè. (Si yo fè w peye pou sa, kanpe epi kontakte vandè a dirèkteman.)
(Disponible en español.)
Ou kalifye pou itilize founisè lojisyèl sa a gratis si:
Ou dwe rantre sou sitwèb FreeTaxUSA la gras ak paj sila a, osinon, y ap fè w peye yon frè. (Si yo fè w peye pou sa, kanpe epi kontakte vandè a dirèkteman.)
Pou tout bagay w ap gen bezwen pou w chwazi pi bon lojisyèl lan epi prepare deklarasyon w lan, ale nan Prepare w pou w ranpli deklarasyon taks sou revni w anliy (Get ready to e-file your income tax return).
Abòne nan Enfòmasyon an Kreyòl Ayisyen pou resevwa yon imèl lè nou pibliye kontni an Kreyòl Ayisyen.