Skip to main content

Kredi pou gadri ak pou moun ki sou responsablite lòt moun (depandan yo) (Eta New York) (Child and Dependent Care Credit: New York State)

Ki moun ki kalifye?

Ou gen dwa a kredi sa a, si ou:

  • kalifye pou reklame kredi federal pou frè gadri ak pou moun depandan yo dapre nouvo kalkil FAGI ou a (swa ou te reklame kredi federal la oswa ou pa t fè sa).

Pou ka jwenn enfòmasyon sou fason pou kalifye pou w ka resevwa kredi federal la, gade IRS federal Publication 503 (Piblikasyon 503), Frè pou Gadri ak pou Moun ki Depandan yo. 

Konbyen kredi a ye?

  • Kredi a kalkile dapre kantite revni brit ki ajiste nan Eta New York la, kantite moun ki kalifye yo, ak kantite depans kalifye yo peye yo.

Èske kredi a ranbousab?

  • rezidan pandan tout ane yo—li konplètman ranbousab
  • moun ki pa rezidan yo—li pa ranbousab          
  • moun ki se rezidan pandan yon pati nan ane a—li pasyèlman ranbousab

Kisa kondisyon pou kenbe dosye yo ye?

Apre nou fin revize deklarasyon taks ou a, nou ka mande w pou pwouve ou gen dwa a kredi a. W ap bezwen enfòmasyon sa yo si w gen plan pou reklame kredi a:

  • chèk oswa manda postal ki anile
  • resi lajan kach ou te resevwa nan moman peman an, epi fòk depatman an kapab verifye yo

Pou jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon pou kenbe dosye yo, gade lis nou an Checklist for child and dependent care expenses (Lis verifikasyon pou frè gadri ak pou moun depandan yo).

Enfòmasyon adisyonèl

 Gade Form IT-216 (Fòm IT-216), Reklamasyon Kredi pou Gadri ak pou Moun Depandan yo, ak instructions (enstriksyon) li yo.

NYS Child and Dependent Care Credit

NYS Child and Dependent Care Credit
Updated: