Skip to main content

Kredi ekolaj pou inivèsite oswa dediksyon detaye (College tuition credit or itemized deduction)

Ki moun ki kalifye? 

Ou gen dwa a kredi oswa dediksyon sa a si:

  • ou te yon rezidan pandan tout yon ane nan Eta New York,
  • ou menm, mari ou oswa madanm ou, oswa moun ki sou responsablite w (depandan) (ou te pran yon egzanpsyon pou li), se te yon etidyan premye sik ki te enskri oswa ale nan yon enstitisyon ansèyman siperyè epi ki te peye frè ekolaj ki kalifye yo, epi
  • yo pa di elèv la se yon depandan nan deklarasyon taks yon lòt moun.

Frè ekolaj ki kalifye yo

  • Frè ekolaj ki kalifye yo, gen sèlman frè ekolaj yo peye pou enskripsyon premye sik la oswa prezans elèv la nan yon enstitisyon ansèyman siperyè. Sa gen ladan l, frè yo peye nan yon pwogram ansèyman piblik ki kalifye (tankou Pwogram Ekonomi pou Inivèsite 529 nan New York).
  • Frè ekolaj ki kalifye yo pa genyen:
    • frè ekolaj yo peye atravè bous detid oswa lòt èd finansyè ki pa bezwen ranbouse
    • kantite lajan yo peye pou chanm ak akomodasyon, ak lòt depans pèsonèl oswa depans pou viv ki sanble
    • kantite lajan yo peye pou liv, ekipman, ak aktivite yo, menm si lekòl la egzije sa

Kantite kredi a oswa dediksyon an

  • Kredi a ka rive jiska $400 pou chak elèv. Si li pi plis pase kantite ou dwe pou taks Eta New York la, ou ka reklame yon ranbousman.
  • Dediksyon maksimòm lan se $10,000 pou chak elèv ki kalifye. Dediksyon detaye frè ekolaj pou inivèsite a ka pèmèt ou fè yon pi gwo ekonomi taks, si ou detaye dediksyon yo nan deklarasyon revni New York ou a.
  • Sèvi ak fèy kalkil ki nan enstriksyon yo, pou kalkile dediksyon ou a epi wè si kredi oswa dediksyon an pi bon pou ou. (Gade IT-272-I instructions) (enstriksyon IT-272-I)

Enfòmasyon adisyonèl 

Form IT-272 (Fòm IT-272), Reklamasyon Kredi pou Frè Ekolaj pou Inivèsite oswa Dediksyon ki Detaye, ak instructions (enstriksyon) li yo (disponib sèlman an Anglè).

Moun ki pa yon rezidan oswa ki se rezidan sèlman pandan yon pati nan ane a

Si w se yon moun ki pa rezidan nan Eta New York oswa ki se yon rezidan sèlman pandan yon pati nan ane a, ou pa kalifye pou kredi ekolaj nan inivèsite yo. Men, ou kapab kalifye pou reklame dediksyon detaye pou frè ekolaj pou inivèsite ki nan New York.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou reklame dediksyon detaye pou frè ekolaj pou inivèsite a, kòm yon moun ki pa yon rezidan oswa ki se rezidan sèlman pandan yon pati nan ane a, gade, Form IT-203-B (Fòmilè IT-203-B), Fèy Kalkil pou Alokasyon Revni ak Dediksyon Detaye Frè Ekolaj pou Inivèsite yo pou Moun ki Pa yon Rezidan ak Moun ki se Rezidan Sèlman Pandan yon Pati nan Ane a, ak instructions (enstriksyon) li yo (disponib sèlman an Angle).

Updated: