Vandè kominikasyon san fil pre-peye
- Si ou se yon vandè sèvis kominikasyon san fil pre-peye, ou dwe kolekte frè anplis pou kominikasyon san fil yo peye apre a epi depoze yon deklarasyon chak trimès opre Depatman Taks (Tax Department) la. Ou dwe mete apa frè anplis la epi idantifye li kòm public safety communications surcharge sou nenpòt resi oswa lòt dokiman ki montre pri ou bay kliyan ou yo. Gade seksyon yo ki anba la a pou jwenn plis enfòmasyon.
Plis enfòmasyon
Enfòmasyon sou frè anplis pou peye a
Yo mete frè anplis la sou chak sèvis san fil prepeye yo vann an detay nan Eta New York, kit yo vann yon pwopriyete pèsonèl tanjib ou pa. Vant la fèt nan nan Eta New York si li fè nan biznis yon vandè ki nan Eta sa a, oswa yo vann yon moun ki nan Eta sa a li. Sèvis san fil prepeye yo vann an detay yo gen frè anplis eta ansanm ak frè anplis lokal la pou peye, amwenske lokalite a pa te pase yon lwa pou peye yon frè anplis lokal. (PUB-452, Wireless Communications Surcharge Rates on Prepaid Wireless Communications Services.)
Egzanpsyon
Frè anplis pou peye pou aparèy san fil prepeye yo pa aplike pou sèvis sa yo:
- Kliyan Lifeline (pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou Depatman Sèvis Piblik;
- Konpayi ki pa chèche fè pwofi/asirans pou aksidan ki òganize anba Lwa Asirans § 6703 (Insurance Law § 6703);
- Eta New York, ajans li yo, enstriman li yo, ak divizyon politik li yo;
- Etazini, ajans li yo, enstriman li yo, ak divizyon politik li yo; epi
- Nasyonzini.
Frè administratif
Antanke founisè sèvis san fil yo peye apre, ou gen dwa kenbe yon pousantaj nan kolèk lan antanke frè administratif. Yo kalkile frè a selon montan lajan ou kolekte anplis la pou peryòd ki konsène rapò a epi selon tarif sa yo:
Jiridiksyon | Tarif |
---|---|
Eta New York | 1.749% sou frè anplis ou kolekte a |
Lokal (konte yo ak Vil New York) | 3% sou frè anplis lokal ou kolekte a |
Remak: Si ou pa depoze a lè ak peye tout frè anplis ou dwe ak tout taks ou dwe, ou pa p gen dwa kenbe frè administratif la.
Egzijans pou deklare
Fòm
Ou dwe Depoze Fòm WCS-2-PRE, Prepaid Wireless Communications Surcharge Return, sou entènèt chak trimès menm si ou pa dwe okenn taks. Peryòd pou deklare chak trimès yo se:
- 1ye desanm jiska 28 fevriye (29 fevriye si genyen li ane sa a)
- 1ye mas jiska 31 me
- 1ye jwen jiska 31 out
- 1ye septanm jiska 30 novanm
RANPLI FORM WCS-2-PRE (FÒM WCS-2-PRE)
Dat Limit la
W ap bezwen peye taks ou nan 20èm jou mwa a apre peryòd pou bay rapò a fini. Si dat delè a tonbe yon samdi oswa dimanch, oswa yon jou ferye legal, w ap bezwen peye taks la pwochen jou biwo nou louvri.
Sèvis entèprètgratis
- Tanpri rele nou nao (518) 453-8137 pou jwenn sèvis èd gratis nan lang.
- Enfòmasyon disponib an Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)