Skip to main content

Wòl Chèf Antrepriz lan genyen nan kad Kont Antrepriz yo

Administratè Prensipal Antrepriz la

Administratè Prensipal Biznis (Business Master Administrators, BMAs) yo dwe yon asosye, pwopriyetè, oswa dirijan nan yon antrepriz. BMA yo gen aksè ak tout sèvis Depatman Taks la ofri atravè kont Antrepriz la epi yo kapab ajoute lòt chèf antrepriz nan kont lan.

BMA yo gen aksè ak Rezime Administratè Prensipal la epi yo kapab ajoute oswa retire BMA nan kont antrepriz la. Nòt: Yon kont Antrepriz kapab genyen jiska de (2) BMA.

BMA yo gen aksè ak Rezime Itilizatè an epi yo kapab:

  • ajoute yon chèf antrepriz antanke yon Itilizatè nan Kont Antrepriz la,
  • mete otorizasyon administratif yon Itilizatè ajou,
  • mete sèvis yon Itiloizatè kapab aksede nan non antrepriz la ajou,
  • reyinisyalize modpas yon Itilizatè,
  • mete adrès imèl ak nimewo telefòn yon Itilizatè ajou,
  • retire Itilizatè nan kont lan, epi
  • efase kont Antrepriz la.

BMA yo gen aksè ak Rezime Pwofesyonèl Fiskal la epi yo kapab sipèvize pwofesyonèl fiskal ki gen otorizasyon pou yo aksede epi resevwa enfòmasyon fiskal konfidansyèl epi fè tranzaksyon nan non antrepriz la. Ale sou Sipèvize Otorizasyon Pwofesyonèl Fiskal yo genyen nan Sèvis Anliy yo pou w kapab jwenn plis enfòmasyon.

Itilizatè

Itilizatè yo kapab gen aksè ak sèvis ki otorize yo nan non antrepriz lan.

Yo kapab bay itilizatè yo aksè pou yo sipèvize lòt itilizatè oswa pwofesyonèl fiskal yo. Ale sou Otorizasyon Administratif pou kont Antrepriz yo pou jwenn plis enfòmasyon.

Pa gen okenn limit nan kantite Itilizatè ou kapab genyen nan yon kont Antrepriz.

Updated: