Skip to main content

Jere otorizasyon pwofesyonèl taks la genyen nan Sèvis sou Entènèt


Nou te rann li fasil pou otorize pwofesyonèl taks ou a jwenn aksè nan enfòmasyon taks ou yo pou li fè yon pil sèvis sou entènèt nan Depatman Taks la. Gade E-ZRep Fòm TR-2000.1, Online Services Access Information Page (Paj Enfòmasyon sou Aksè nan Sèvis sou Entènèt), pou jwenn yon lis konplè ki gen sèvis ou kapab otorize pwofesyonèl taks ou a jwenn aksè ladan yo.

Otorize pwofesyonèl taks ou a

Gen de (2) fason ou kapab otorize yon pwofesyonèl taks pou li jwenn aksè nan enfòmasyon taks ou yo pou li fè sèvis pou ou:

Remak: Ou pa kapab limite aksè pwofesyonèl taks ou a nan peryòd deklarasyon taks espesifik yo. Pa egzanp, si w otorize pwofesyonèl taks ou a pou li fè tranzaksyon taks sou lavant pou ou. Nan ka sa a, li pral gen aksè nan enfòmasyon taks sou lavant pou tout peryòd ou te deklare taks yo.

Pou otorize pwofesyonèl taks ou a sou entènèt:

  1. Chwazi Tax professional summary (Rezime pwofesyonèl taks) nan meni Services (Sèvis) nan kont Sèvis sou Entènèt ou a.
  2. Chwazi Add Tax Professional (Ajoute Pwofesyonèl Taks).
  3. Chèche pwofesyonèl taks ou a selon non oswa nimewo ID kontribyab, epi chwazi Add (Ajoute).
  4. Chwazi sèvis ou otorize pwofesyonèl taks ou a fè pou ou a, antre yon dat ekspirasyon si w vle, epi chwazi Save & Continue (Anrejistre epi Kontinye). Pwofesyonèl taks ou a pral gen aksè rapid nan enfòmasyon taks ou yo.

Jere aksè pwofesyonèl taks la

Ou kapab gade epi mete aksè pwofesyonèl taks la ajou sou entènèt:

  1. Chwazi Tax professional summary (Rezime pwofesyonèl taks) nan meni Services (Sèvis) nan kont Sèvis sou Entènèt ou a.
  2. Chwazi meni Actions (Aksyon) ki koresponn ak aksè pwofesyonèl taks ou a.
  3. Chwazi View/update authorizations (Gade/mete otorizasyon yo ajou).
  4. Mete ajou sèvis pwofesyonèl taks ou a gen otorizasyon pou li jwenn lan epi chwazi yon dat ekspirasyon si w vle. Chwazi Save & Continue (Anrejistre epi Kontinye) lè w fini.

Anile aksè pwofesyonèl taks la

Ou kapab anile aksè yon pwofesyonèl taks genyen nan enfòmasyon w yo sou entènèt:

  1. Chwazi Tax professional summary (Rezime pwofesyonèl taks) nan meni Services (Sèvis) nan kont Sèvis sou Entènèt ou a.
  2. Chwazi meni Actions (Aksyon) ki koresponn ak aksè pwofesyonèl taks ou a.
  3. Chwazi Revoke (Anile), epi chwazi Yes (Wi) pou retire aksè pwofesyonèl taks la genyen nan enfòmasyon taks ou yo tousuit.

Resous

Updated: