Skip to main content
Department of Taxation and Finance

Founisè sèvis kominikasyon san fil yo peye apre

Si ou se yon founisè sèvis kominikasyon san fil yo peye apre, ou dwe kolekte frè anplis pou kominikasyon san fil yo peye apre a epi depoze yon deklarasyon chak trimès opre Depatman Taks la. Ou dwe mete apa frè anplis la epi idantifye li kòm public safety communications surcharge sou bòdwo ou voye bay kliyan ou yo. Gade seksyon yo ki anba la a pou jwenn plis enfòmasyon.

Plis enfòmasyon

Kliyan ou bay sèvis kominikasyon san fil rezidans prensipal yo se Eta New York gen pou peye frè anplis pou sèvis kominikasyon san fil la. Yo mete li sou chak aparèy kominikasyon ki an sèvis pandan nenpòt pati nan chak mwa. Sèvis kominikasyon san fil yo gen frè anplis Eta ansanm ak frè an plis lokal la pou peye, amwenske lokalite a pa te pase yon lwa pou peye yon frè anplis lokal.

Frè anplis pou peye pou aparèy san fil yo peye apre a pa aplikab pou sèvis sa yo:

  • Kliyan Lifeline (pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou Depatman Sèvis Piblik (Department of Public Service) nan Sèvis Telefòn Lifeline nan);
  • Konpayi a bi non likratif/asirans pou aksidan ki òganize anba Lwa Asirans  § 6703 (Insurance Law § 6703);
  • Eta New York, ajans li yo, enstrimantalite li yo, ak divizyon politik li yo;
  • Etazini, ajans li yo, enstriman li yo, ak divizyon politik li yo; epi
  • Nasyonzini.

Antanke founisè sèvis san fil yo peye apre, ou gen dwa kenbe yon pousantaj nan kolèk lan antanke frè administratif. Yo kalkile frè a selon montan lajan ou kolekte anplis la pou peryòd ki konsène rapò a epi selon tarif sa yo:

 Frè administratif
Jiridiksyon Tarif
Eta New York 1.749% sou frè anplis ou kolekte a
Lokal (konte yo ak Vil New York) 3% sou frè anplis lokal ou kolekte a

Remak: Si ou pa depoze alè epi ou pa peye tout taks ou dwe, ou pa p gen dwa kenbe frè administratif la.

Fòm

Ou dwe Depoze Fòm WCS-1, Postpaid Wireless Communications Surcharge Return sou entènèt chak trimès, menm si ou pa dwe okenn taks.

RANPLI FORM WCS-1 (FÒM WCS-1)

Dat Limit la

W ap bezwen peye taks ou nan 20yèm jou mwa a apre peryòd pou bay rapò a fini. Si dat delè a tonbe yon samdi oswa yon dimanch, oswa yon jou ferye lega, w ap bezwen peye taks la pwochen jou biwo nou louvri. 

Updated: