Kisa Depatman Taks (Tax Department) ap fè fas kare ak nouvo kowonaviris (COVID-19)
Enfòmasyon sou nouvo chèk relans la: sa ou bezwen konnen
Depatman Taks (Tax Department) nan Eta New York, ansanm ak biwo Gouvènè a ak lòt ajans nan tout eta a, ap fè fas kare ak pwopagasyon kowonaviris la (COVID-19) ak enfòmasyon pou moun ki afekte yo. Nou pral mete paj sa a ajou chak fwa gen nouvo enfòmasyon ki vin disponib.
Nou konnen premye priyorite ou se kenbe fanmi w an sekirite ak an sante. Li se premye priyorite nou tou. Si ou gen kesyon, tankou ki konte ki afekte nan moman an, kijan pou w pwoteje tèt ou, oswa ki kote pou w al fè tès, al sou sitwèb Depatman Sante (Department of Health) Eta New York la nan Novel Coronavirus (COVID-19) New York State is Ready (Nouvo Kowonaviris (COVID-19) Eta New York Pare). W ap jwenn lyen li nan tout banè sou tèt tout sitwèb ajans Eta New York la.
Epitou, nou konprann plizyè nan nou gen kè sou biskèt konsènan taks sou revni nou ak ranbousman taks. N ap koute w epi n ap fè demach ki nesesè pou ede w. Epitou, lòt ajans yo ap bay èd epi n ap mete lyen yo anba paj sa a.
Sa yo se kesyon tande nan men ou menm ansanm ak repons nou. Si ou pa wè kesyon ou yo anba a, tanpri poze li nou ak Taxpayer Experience survey (Sondaj sou Eksperyans Kontribyab) nou an. N ap ajoute kesyon jeneral yo ak repons yo la. Kòm dabitid, si ou bezwen èd byen vit ak yon kesyon sou taks, tanpri kontakte nou.
Kesyon ak repons yo
Èske pral gen yon reta ak ranbousman mwen an?
Amwenske nou bezwen mande ou plis enfòmasyon pou verifye sa ou te soumèt ak deklarasyon ou an, nou pa antisipe pral gen okenn reta nan tretman an.
Èske w ap peye enterè sou ranbousman Eta New York mwen an?
Endividi, fidisyè, ak antrepriz yo
Avèk chanjman nan dat limit pou deklarasyon taks 2019 la epi peman ki soti nan 15 Avril 2020 pou rive nan dat 15 Jiyè 2020, te gen yon ajisteman ki nesesè nan fason ranbousman enterè yo te kalkile pou deklarasyon taks ane 2019 la, yo te depoze nan dat 15 Jiyè 2020. Akoz sa, Depatman taks la pat peye enterè lè chèk ranbousman pou deklarasyon taks ane 2019 yo te pibliye a. Olye de sa, pou ranbousman sa yo ki genyen dèt enterè yo, yo te pibliye yon chèk separe pou enterè yo apre kalkil resan an fin konplè.
Èske sant dapèl la ap toujou louvri?
Wi, sant dapèl nou an ap toujou louvri.
Nou fyè anpil de reprezantan sant apèl nou yo ak kapasite yo pou kontinye ede kèlkeswa pwoblèm yo genyen. Yon fason pou ede pandan evènman konsa se bay sipò nan telefòn pou moun bezwen enfòmasyon konsènan COVID-19. Anplwaye Depatman Taks yo te bay anpil èd 24 sou 24 pandan atak 11 septanm nan, Siklòn Irèn, ak Gwo Tanpè Sandy a, epi yo la pou ede ou kounye a. Ou pa pase plis tan ap tann si ou bezwen nou rele ou epi nou apresye pasyans ou anpil.
Men kisa ou ka ede redui kantite koutfil nou resevwa men ou jwenn enfòmasyon ou bezwen yo nan pifò ka:
- Tcheke sou ki bezwen ranbousman taks ou a ye sou entènèt oswa rele sistèm telefòn otomatize nou an; w ap pase mwens tan ap tann, epi yo kouvri reponn pou kesyon ijan konsènan COVID-19 yo.
- Chèche repons yo nenpòt lè sa posib avan ou rele. Konsèy: Nou te ajoute Premye Rekòmandasyon pou enfòmasyon moun chèche plis sou sitwèb nou an. Si ou pa jwenn sa w bezwen an, eseye bwat search tax (chèche taks) la ki sou lamen dwat anwo sou pajwèb nou yo.
- Di nou sou rezo sosyo yo si ou gen yon kesyon jeneral. Ekip nou an ap mennen ou nan bon chemen an ak lyen ou bezwen yo. Nou sou Facebook, Twitter, ak YouTube.
Èske obligasyon pou deklare taks, rezidans, ak deplasman pou travay afekte ak pandemi an?
Pou yon rezime sou lwa ak konsèy Eta New York konsènan kesyon moun poze akòz pandemi COVID-19 la, gade Kesyon Moun Poze Souvan sou obligasyon pou deklare taks, rezidans, ak deplasman pou travay afekte ak pandemi an.
Èske w ap pwolonje delè pou deklare oswa peye yo?
Endividi
Deklarasyon taks sou revni pèsonèl nan Eta New York pou ane fiskal 2020 an ki konn fèt 15 Avril 2021, vin pwolonje pou dat 17 Me 2021. Kidonk, deklarasyon taks sou revni pèsonèl pou ane 2020 an ki konn fèt 15 Avril 2021 an, ak peman ki gen rapò ak taks, pap gen pwoblèm pou fè depo, pap gen pwoblèm pou peye, peman anreta, oswa penalite lè peman an pa ase, oswa enterè si yo te fè depo ak peye nan dat 17 Me 2021. Enterè, penalite, ak diplis sou taks la ki gen rapò ak depozisyon taks pwolonje yo epi peman yo apral kòmanse akimile nan dat 18 Me 2021. Pou konsèy, gade nan N-21-1, Anons Konsènan Pwolongasyon Dat Limit la pou Depoze Deklarasyon Taks sou Revni Pèsonèl pou Ane Fiskal 2020 an (Announcement Regarding Extension of the Deadline to File Personal Income Tax Returns for Tax Year 2020).
Vandè taks sou lavant
Deklarasyon taks sou lavant ak peman pou peryòd 1ye septanm jiska 30 novanm lan te bout 21 desanm 2020. Men, yo ka anile sanksyon ak enterè a si w pa t an mezi pou fè deklarasyon pou peye a lè epi ou sitou nan biznis antanke yon restoran oswa lòt etablisman sèvis manje nan Vil New York ki te oblije sispann restorasyon deyò akoz Òdonans Egzekitif 202.81 an, oswa antanke restoran oswa lòt etablisman sèvis manje ki te oblije sispann restorasyon deyò akoz òdonans Egzekitif 202.68 Gouvènè a paske ou nan yon zòn yo te deziyen kòm Zòn Oranj jou ki te 18 desanm 2020 an. Ou dwe depoze deklarasyon w lan epi ou dwe peye montan total ou dwe a anvan 22 mas 2021, pou egzanpsyon sa a aplike. Egzanpsyon sa a pa aplike pou vandè ki enskri nan PrompTax pou lavant sou lavant ak itilizasyon.
Al gade Tax relief for quarterly and part-quarterly (monthly) sales tax vendors affected by COVID-19 (Egzanpsyon fiskal pou vandè taks sou lavant yo ki deklare yo chak trimès epi chak mwa COVID-19 te afekte) pou mande yon egzanpsyon pou sanksyon ak enterè.
Pou rekòmandasyon, al gade nan N-20-12, Anons Konsènan Abatman Seksyon ak Enterè pou Taks sou Lavant ak Itilizasyon akòz Nouvo Kowonaviris, COVID-19 COVID-19 (Announcement Regarding the Abatement of Penalties and Interest for Sales and Use Tax due to the Novel Coronavirus, COVID-19).
Lòt taks
Kounye a, pa gen okenn lòt delè yo te pwolonje apa sa yo ki nan lis anwo a. Nou pral kontinye mete paj sa a ajou chak fwa gen nouvo enfòmasyon ki vin disponib.
Jeneratris elektrik yo
Avan Rapò Anyèl pou enstalasyon jeneratris elektrik yo te 30 avril 2020. Sepandan, dat limit la te pwolonje a 30 jen. Pou jwenn fòm ak enstriksyon yo, gade (New annual reporting requirement for electric generating facilities (Nouvo egzijans pou fè rapò anyèl pou enstalasyon ki gen jeneratris elektrik yo).
Èske pral gen egzanpsyon pou sanksyon ak enterè?
Endividi
Deklarasyon taks sou revni pèsonèl nan Eta New York pou ane fiskal 2020 an ki konn fèt 15 Avril 2021, vin pwolonje pou dat 17 Me 2021. Kidonk, deklarasyon taks sou revni pèsonèl pou ane 2020 an ki konn fèt 15 Avril 2021 an, ak peman ki gen rapò ak taks, pap gen pwoblèm pou fè depo, pap gen pwoblèm pou peye, peman anreta, oswa penalite lè peman an pa ase, oswa enterè si yo te fè depo ak peye nan dat 17 Me 2021. Enterè, penalite, ak diplis sou taks la ki gen rapò ak depozisyon taks pwolonje yo epi peman yo apral kòmanse akimile nan dat 18 Me 2021. Pou konsèy, gade nan N-21-1, Anons Konsènan Pwolongasyon Dat Limit la pou Depoze Deklarasyon Taks sou Revni Pèsonèl pou Ane Fiskal 2020 an (Announcement Regarding Extension of the Deadline to File Personal Income Tax Returns for Tax Year 2020).
Sèten vandè taks sou lavant
Deklarasyon taks sou lavant ak peman pou peryòd 1ye septanm jiska 30 novanm lan te bout 21 desanm 2020. Men, yo ka anile sanksyon ak enterè a si w pa t an mezi pou fè deklarasyon pou peye a lè epi ou sitou nan biznis antanke yon restoran oswa lòt etablisman sèvis manje nan Vil New York ki te oblije sispann restorasyon deyò akoz Òdonans Egzekitif 202.81 an, oswa antanke restoran oswa lòt etablisman sèvis manje ki te oblije sispann restorasyon deyò akoz òdonans Egzekitif 202.68 Gouvènè a paske ou nan yon zòn yo te deziyen kòm Zòn Oranj jou ki te 18 desanm 2020 an. Ou dwe depoze deklarasyon w lan epi ou dwe peye montan total ou dwe a anvan 22 mas 2021, pou egzanpsyon sa a aplike. Egzanpsyon sa a pa aplike pou vandè ki enskri nan PrompTax pou lavant sou lavant ak itilizasyon.
Al gade Tax relief for quarterly and part-quarterly (monthly) sales tax vendors affected by COVID-19 (Egzanpsyon fiskal pou vandè taks sou lavant yo ki deklare yo chak trimès epi chak mwa COVID-19 te afekte) pou mande yon egzanpsyon pou sanksyon ak enterè.
Pou rekòmandasyon, al gade nan N-20-12, Anons Konsènan Abatman Seksyon ak Enterè pou Taks sou Lavant ak Itilizasyon akòz Nouvo Kowonaviris, COVID-19 COVID-19 (Announcement Regarding the Abatement of Penalties and Interest for Sales and Use Tax due to the Novel Coronavirus, COVID-19).
Vandè taks sou lavant yo
Vandè taks sou lavant ki pa te ka deklare oswa peye a tan poutèt COVID-19 la ka mande èd ak nenpòt sanksyon yo ka enpoze ak youn nan metòd sa yo:
- Sou Entènèt—Monte sou kont pou Sèvis sou Entènèt ou a epi itilize Reponn avi ou an oswa bòdwo ou sou entènèt.
- Telefòn—Pale dirèkteman ak yon reprezantan Depatman Taks la
- Faks—Ou ka faks demann ekri ou a dirèkteman bay Depatman an pou evalye.
- Lapòs—Nou pral egzaminen nenpòt demann pou èd ou soumèt alekri.
Tanpri gade avi ou te resevwa a pou nimewo telefòn ak faks, adrès postal, ak plis enstriksyon sou fason pou reponn depatman an.
Lwa federal Plan Sekou Ameriken 2021 an pèmèt endividi yo retire jiska $10,200 nan alokasyon chomaj sou taks federal yo. Eske eksklizyon sa a gen pou wè ak taks Eta New York la tou?
Non. Selon lwa Eta New York ki toujou valid, alokasyon chomaj gen taks sou li, ki vle di ou dwe deklare tout montan alokasyon chomaj nan deklarasyon taks sou revni pèsonèl Eta New York ou. Si ou pa mete alokasyon chomaj ou sou deklarasyon taks federal ou a, jan yo mande sa selon Lwa Plan Sekou Ameriken 2021 an, ou dwe ajoute alokasyon chomaj ou pa te mete sa a nan deklarasyon taks eta New York ou a.
Nou te mete ajou fòm IT-558, New York State Adjustments due to Decoupling from the IRC, (Ajisteman Eta New York poutèt Dekouplaj nan IRS) pou fè adisyon sa a kòm ajisteman kòd A-011. Gade Dènye enfòmasyon taks sou revni pèsonèl pou 2020 (Atik 22 ak 30).
Si ou poko deklare taks 2020 ou pou Eta New York la, epi ou deklare ak yon lojisyèl, lojisyèl la ta dwe deja kalkile modifikasyon sa a epi ajoute alokasyon chomaj ou pa te mete nan revni brit federal la. Si ou pa itilize yon lojisyèl, pa biye ajoute alokasyon chomaj federal la sou li.
Si ou te deja deklare taks 2020 ou pou Eta New York la, epi ou pa te ajoute alokasyon chomaj ou pa te mete nan revni brit federal ou, ou dwe depoze yon deklarasyon amande ak Eta New York. Si ou pa te retire alokasyon chomaj sou revni brit federal ou, piga ou depoze yon deklarasyon amande ak Eta New York.
Èske w ap aksepte siyati dijital?
Gouvènè Cuomo te pase yon lòd egzekitif pou fè fas ak sitiyasyon COVID-19 Kowonaviris la ki otorize Depatman Taks (Department of Taks) pou aksepte siyati dijital nan plas siyati alamen sou dokiman ki gen pou wè ak detèminasyon oswa koleksyon taks. Pou plis detay, gade nan N-20-3, Otorizasyon Tanporè pou Itilize Siyati Dijital sou Sèten Dokiman Poutèt Nouvo Kowonabiris, COVID-19 la (Temporary Authorization to Use Digital Signatures on Certain Documents Due to the Novel Coronavirus, COVID-19).
Otorizasyon tanporè pou aksepte siyati dijital la te pwolonje jiska 15 jiyè 2020. Gade nan N-20-3, Otorizasyon Tanporè pou Itilize Siyati Dijital sou Sèten Dokiman Poutèt Nouvo Kowonaviris, COVID-19 la, Pwolonje (Temporary Authorization to Use Digital Signatures on Certain Documents Due to the Novel Coronavirus, COVID-19), Extended.
Èske gen yon egzanpsyon ki disponib si yo pwograme pwopriyete m lan pou yon lavant ak privilèj fiskal oswa sezi fiskal?
Si w gen pwopriyete ki pral sibi yon lavant ak privilèj fiskal oswa sezi fiskal epi ou gen dis (10) inite lojman oswa mwens (tankou rezidans prensipal ou), ou ka deklare yon difikilte ki gen rapò ak COVID-19 si w respekte sèten kondisyon. Pwopriyetè ki respekte kondisyon sa yo kapab itilize Fòm RP-1102-DS, Deklarasyon Pwopriyetè pou Difikilte ki gen Rapò ak Covid-19 (Owner Declaration of Covid-19-Related Hardship), yo ta dwe depoze bòkote gouvènman lokal ki konsène a.
Èske mwen ka anile ak repwograme yon dèt peman avèk yon deklarasyon oswa yon pwolongasyon peman?
Endividi
Si ou te deja pwograme deklarasyon oswa pwolongasyon peman ou a ki konn fèt 15 Avril 2021, peman debi dirèk ou a pa pral otomatikman tounen pwograme pou rive fèt nan dat 17 Me 2021. Ou dwe anile epi pwograme yon nouvo peman debi dirèk.
Anile peman ou ki pwograme a
Pou anile yon peman ki pwograme pou yo retire li sou kont ou labank nan yon lòt dat, ou dwe soumèt demann ou pou anile peman ki pwograme a omwen de (2) jou ouvrab avan dat ki te pwograme pou peman an. Sèvi ak View (Gade) epi anile peman ki pwograme a sou kont sèvis sou entènèt ou a pou anile peman an.
Si ou pa gen yon kont sèvis sou entènèt, al gade Create account (Kreye yon konte). Si ou bezwen èd pou kreye yon kont oswa ou ta pito anile peman debi dirèk ou ki pwograme a nan telefòn, rele 518-485-7884 pou pale ak yon reprezantan. Lè ou rele, ou ta dwe gen yon deklarasyon resan ak enfòmasyon sou peman ou a disponib.
Pwograme yon nouvo peman
Endividi ak fidisyè yo
Pou pwograme yon nouvo peman pou yon lòt dat, gade Personal Income Tax: Submit a payment (Taks sou Revni Pèsonèl: Soumèt yon Peman).
Kòporasyon yo
Pou pwograme yon ranplasman peman pou yon lòt dat, Corporation Tax: Submit a replacement payment (Taks Kòporasyon: Soumèt yon Peman Ranplasman).
Èske mwen ka anile yon peman ki te pwograme pou yon bòdwo mwen te genyen avan?
Si pandemi nouvo kowonaviris (COVID-19) la te afekte ou dirèkteman epi ou pa ka fè peman regliye ou ki te pwograme bay Depatman Taks la, tanpri kontakte nou nan 518-457-5434 pandan lè nòmal biwo nou louvri - lendi pou rive vandredi, 8:30 a.m.–4:30 p.m. Pou sèvis ki pi rapid, tanpri mete nimewo sekirite sosyal ou ak nimewo idantifikasyon anplwayè (employer identification number, EIN) ou tou pre ou lè ou rele.
Reprezantan nou yo ka ede ou ak pwoblèm ou gen pou peye bòdwo ou te genyen avan yo :
- peman antant pou peye pa vèsman (IPA),
- peman egzekisyon revni, epi
- lòt zafè ki gen pou wè ak koleksyon.
Ki kote mwen ka jwenn èd pou fè depo?
Si revni ou nan ane 2020 an te $72,000 oswa mwens, ou kalifye pou resevwa asistans taks vityèl gratis nan depatman an. Nou ka ede w prepare elektwonikman epi depoze deklarasyon taks sou revni federal ak eta pou lane 2020 ou a gratis. Al gade nan Pwogram Asistans Endepandan (Facilitated Self Assistance program, FSA).
Pou jwenn resous anplis, gade nan Sant Resous pou Sezon Depo nou an.
Resous
- Important notices (Avi Enpòtan) (N-Notice) - 2020
- Depatman Taks Eta New York Novel Coronavirus (COVID-19) New York State is Ready (Nouvo Kowonaviris (COVID-19) Eta New York Pare
- Depatman Taks Eta New York Stay Cyber Safe (Sekirite Sou Entènèt)
- Paid Sick Leave for COVID-19 Impacted New Yorkers (Konje Maladi Peye pou Rezidan New York COVID-19 te afekte yo)
- IRS Coronavirus tax relief (Egzanpsyon Fiskal Kowonaviris)
- Biwo Pwokirè Jeneral Eta New York (New York State Office of the Attorney General) Guidance on Coronavirus Resources and Warnings about Consumer Scams (Konsèy sou Resous Kowonaviris ak Avètisman sou Magouy Kont Konsomatè yo)
- Pou jwenn plis enfòmasyon, enskri pou dènye nouvèl sou Kowonaviris yo pa imèl