Skip to main content
Online Services will be down for improvements from 5 p.m. on December 4 until 10 a.m. on December 8.

During this timeframe, you will be unable to create, log in to, or complete any transactions in your Online Services account.
   
If you must file during this timeframe, you may file a paper form. If you must pay a bill, use our Quick Pay application, which does not require you to log in. If you received an income request letter (Form RP-5300-WSC), use our STAR Income Worksheet tool.
   
To learn about the upcoming improvements and stay up to date, see December 2025 changes to Online Services and subscribe to receive Online Services emails.

Wòl Anplwaye sou kont Taks pwofesyonèl yo

Adminitratè

Administratè yo gen aksè a Rezime Kliyan epi yo ka:

  • ajoute kliyan nan kont Taks Pwofesyonèl ou a,
  • konsilte enfòmasyon taks konfidansyèl yon kliyan ak fè tranzaksyon sou non kliyan an,
  • mete ajou tranzaksyon yo otorize w fè sou non yon kliyan,
  • mete ajou Itilizatè ki asiyen ak yon kliyan, epi
  • retire kliyan sou kont Taks Pwofesyonèl ou an.

Nòt: Lè w ap agrandi oswa mete ajou otorizasyon w sou kont ou an pou fè tranzaksyon sou non yon kliyan, ou dwe gen Fòm E-ZRep TR-2000 kliyan an ranpli ak siyen nan dosye a. Gade E-ZRep Form TR-2000, Tax Information Access and Transaction Authorization information (Fòm E-ZRep TR-2000, Aksè Enfòmasyon Taks ak Enfòmasyon Otorizasyon Tranzaksyon), pou plis enfòmasyon.

Administratè yo gen aksè a Rezime Anplwaye epi yo ka:

  • ajoute yon anplwaye sou kont Pwofesyonèl taks ou a kòm yon Administratè, Manadjè, oswa Itilizatè;
  • mete ajou wòl yon anplwaye;
  • Repwograme modpas yon anplwaye;
  • mete ajou adrès imèl ak nimewo telefòn yon anplwaye;
  • mete ajou kliyan yo asiyen ak yon Itilizatè;
  • retire lòt anplwaye sou kont ou a; epi
  • efase kont Taks Pwofesyonèl ou a.

Yon kont Taks Pwofesyonèl ka gen jiska senk (5) Administratè.

Manadjè

Manadjè yo gen aksè a Rezime Kliyan epi yo ka:

  • ajoute kliyan sou kont Taks Pwofesyonèl ou a,
  • konsilte enfòmasyon taks konfidansyèl yon kliyan ak fè tranzaksyon sou non kliyan an,
  • mete ajou tranzaksyon yo otorize w fè sou non yon kliyan,
  • mete ajou Itilizatè ki asiyen ak yon kliyan, epi
  • retire kliyan sou kont Taks Pwofesyonèl ou a.

Nòt: Lè w ap agrandi oswa mete ajou otorizasyon w sou kont ou a pou fè tranzaksyon sou non yon kliyan, ou dwe gen Fòm E-ZRep TR-2000 kliyan an ranpli ak siyen nan dosye a. Gade E-ZRep Form TR-2000, Tax Information Access and Transaction Authorization information (Fòm E-ZRep TR-2000, Aksè Enfòmasyon Taks ak Enfòmasyon Otorizasyon Tranzaksyon), pou plis enfòmasyon.

Manadjè yo gen aksè a Rezime Anplwaye epi yo ka:

  • ajoute yon anplwaye sou kont  Taks Pwofesyonèl ou a kòm yon Manadjè oswa Itilizatè,
  • mete ajou wòl yon Manadjè oswa yon Itilizatè,
  • Repwograme modpas yon Manadjè oswa yon Itilizatè,
  • mete ajou imèl ak nimewo telefòn yon Manadjè oswa yon Itilizatè,
  • mete ajou kliyan yo asiyen ak yon Itilizatè, epi
  • retire lòt Manadjè ak Itilizatè yo sou kont ou a.

Pa gen limit nan kantite Manadjè ou ka genyen sou kont Taks Pwofesyonèl a.

Itilizatè

Itilizatè yo:

  • pa gen aksè a lòt anplwaye sou kont Taks Pwofesyonèl ou a, epi
  • aksè limite a Rezime Kliyan; yon Administratè oswa Manadjè dwe bay yon Itilizatè aksè a yon kliyan anvan Itilizatè a ka wè enfòmasyon taks konfidansyèl ak fè tranzaksyon sou non kliyan an. Yo ka bay Itilizatè yo aksè a:
    • kliyan espesifik, oswa
    • tout kliyan aktyèl ak kliyan k ap vini yo sou kont lan.

Pa gen limit nan kantite Itilizatè ou ka genyen sou yon kont Taks Pwofesyonèl la.

 

Updated: