Skip to main content

Montan ranbousman ou mande


Al gade tablo ki pi ba a pou konnen kote pou jwenn montan ranbousman pou ane fiskal ou te antre a.

Jwenn montan ranbousman ou mande a selon fòm ak ane fiskal la
Si w te fè demann pou ane fiskal montan ranbousman ou mande a se
Fòm IT-201 2018–2022 sou Liy 78.
Fòm IT-203 2018–2022 sou Liy 68.
Fòm IT-205 2018–2022 sou Liy 39.
Fòm IT-214 2018–2022 sou Liy 33.
Fòm NYC-208 2018–2019 sou Liy 29.

Kisa pou m fè si enfòmasyon mwen antre yo pa koresponn?

Si enfòmasyon ou antre a lè w ap tcheke estati ranbousman w lan pa koresponn ak sa nou gen nan sistèm nou an, ou ka resevwa youn nan mesaj ki pi ba yo. Pou w rezoud pwoblèm lan, suiv etap nou bay ki gen nimewo yo.

  • Enfòmasyon ou bay yo pa koresponn ak dosye nou genyen yo. Tanpri verifye nimewo Sekirite Sosyal ou ak tout montan lajan ranbousman ou mande a jan li parèt sou fòm taks Eta New York ou a.
  • Enfòmasyon ou antre a pa koresponn ak montan ki sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Èske w antre tout montan lajan an sèlman?  Pa egzanp, w ap antre $223.45 kòm 2 2 3. Epitou, asire w se montan ranbousman Eta New York ou a ou antre, se pa montan ranbousman Federal ou a.
  • Enfòmasyon ou antre a pa koresponn ak montan ki sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Anvan w antre enfòmasyon w yo pou katriyèm fwa, tanpri verifye pou wè si w antre menm enfòmasyon ou te bay sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Enfòmasyon yo pa koresponn fwa sa a, ou pa p anmezi pou itilize sèvis sa a pandan 24 èdtan.
  • Enfòmasyon ou te antre yo pa koresponn ak dosye nou yo genyen yo. Tanpri verifye pou wè si w antre menm enfòmasyon ou te bay sou deklarasyon taks Eta New York ou a. Tanpri kite omwen 24 èdtan pase anvan w jwenn aksè nan sèvis sa a ankò.

Fason pou rezoud pwoblèm:

  1. Al gade tablo Montan ranbousman ou mande a pou jwenn ak evalye liy ranbousman ou mande nan deklarasyon taks ou te fè a.
    1. Si liy sa a vid, oswa ou te antre zewo, ou pa t mande yon ranbousman epi ou pa kapab itilize zouti Check your refund (Tcheke ranbousman) mwen an.
    2. Si moun ki prepare taks pou a te bay enfòmasyon ki diferan epi ou pa gen yon kopi deklarasyon li te prepare a, kontakte li. Lalwa egzije li pou li ba w yon kopi deklarasyon taks li fè a. Gade Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Moun ki Prepare Taks pou jwenn plis enfòmasyon.
  2. Lè ou konfime montan ranbousman ki sou liy Montan ranbousman ou mande sou deklarasyon taks ou a, antre montan sa a nan zouti Check your refund (Tcheke ranbousman) an.

Remak: Reprezantan nou yo pa gen otorizasyon pou yo di w montan ranbousman w lan, menm apre yo fin verifye idantite ou. Ou dwe al gade deklarasyon taks ou te fè a oswa mande yon kopi nan depoze Fòm DTF-505, Otorizasyon pou Pataje Fotokopi Deklarasyon Taks ak/oswa Enfòmasyon sou Taks. Bay 30 jou pou nou trete demann ou fè pou kopi a.

Updated: