Skip to main content

Gade rezime kont ou an nan Sèvis An Liy yo


Kont Sèvis An Liy Endividyèl ou an bay yon apèsi global sou deklarasyon taks sou revni ou te fè a ak peman ou te fè nan Depatman Taks pou dis (10) peryòd deklarasyon ki pi resan depi 2008.

Gade yon istorik deklarasyon ki detaye

Gade istorik deklarasyon ki nan seksyon Detay sou taks sou revni pèsonèl la nan paj dakèy Rezime Kont ou an. Ou kapab gade detay deklarasyon taks ou yo, yo ranje selon peryòd deklarasyon, ki gen ladan fòm ou te depoze yo (IT-201, IT-203, IT-214, IT-370, NYC-210) ak estati deklarasyon w lan kounye a.

Si w bezwen yon kopi deklarasyon w lan, gade Jwenn yon kopi deklarasyon mwen an.

Gade yon istorik peman ki detaye

Gade enfòmasyon sou peman w lan nan seksyon Peman ki nan paj dakèy Rezime Kont ou an. Ou kapab gade detay peman w yo, yo ranje selon peryòd deklarasyon, ki gen ladan yo montan yo, estati yo (afiche, pwograme, anile, oswa refize peye), ak nimewo konfimasyon yo. Enfòmasyon yo disponib pou peman ou fè:

  • ak fòm deklarasyon yo (IT-201, IT-203),
  • ak fòm pwolonjman yo (IT-370),
  • ak fòm estimasyon taks yo (IT-2105),
  • kòm kredi yo kenbe, epi
  • ki pa asosye ak yon deklarasyon oswa yon dokiman peman.

Remak: Rezime Kont lan pa pral afiche peman ou fè sou yon antant pou peye pa vèsman (installment payment agreement, IPA) oswa yon bòdwo Eta New York bay. Gade Antant pou peye pa vèsman ak Peye yon bòdwo oswa avi pou jwenn plis enfòmasyon sou kalite peman sa yo.

Peman taks yo estime pou kontribyab ki marye k ap fè deklarasyon ansanm

Si w te fè peman taks yo estime sou nimewo Sekirite Sosyal mari ak madanm lan, ou dwe kreye kont Sèvis An Liy apa pou gade epi rapwoche kont estimasyon taks sou revni w lan.

Updated: