Skip to main content

Sèvis sou Entènèt

Sèvis sou Entènèt

Sèvis sou Entènèt se fason ki pi rapid ak pi fasil pou fè biznis ak Depatman Taks la Grasa yon kont Sèvis sou Entènèt, ou ka fè yon peman, reponn yon lèt ou te resevwa nan men depatman an, ak plis toujou—nenpòt ki lè, nenpòt ki kote. Si ou poko gen yon kont, li fasil pou ou kreye youn!

Èske ou bliye username (non itilizatè) oswa password (modpas ou)?

Visual of woman on laptop, holding phone showing Online account

ENFÒMASYON SOUSSèvis sou Entènèt

Ekran rezime kont la ki dekri yon mesaj ap tann ak bouton pou peye bòdwo ak pwolongasyon pou deklare

Endividyèl

Ak yon kont  Individual Online Services (Sèvis sou Entènèt) ou ka jere kont ou sou entènèt—san danje epi sekirize—nenpòt lè ou vle epi san ou pa bezwen kite lakay ou. Ou ka chwazi pou resevwa oswa reponn avi oswa bòdwo nan kont ou a.

Fichye entènèt taks sou lavant ki montre peryòd pou deklare ak lavant brit ak yon bouton pou peye taks estime a

Biznis

Si ou se yon pwopriyetè oswa ofisye yon  kont biznis Business Online Services (Sèvis sou Entènèt pou Biznis) pou deklare epi peye taks Eta New York, gade istorik deklarasyon ak peman biznis ou a, ak plis toujou!

Ekran kliyan an ak de (2) kliyan ak bouton pou ajoute kliyan

Pwofesyonèl Taks

Yon kont Tax Professional Online Services (Sèvis sou Entènèt pou Pwofesyonèl Taks) se yon kont w ap bezwen pou ede kliyan ou yo. Ak otorizasyon kliyan ou, ou ka gade istorik deklarasyon ak peman yo, resevwa kopi bòdwo ak avi yo, epi reponn pou yo.

Ekran rezime kont la ak de (2) deklarasyon ak dat yo deklare

Fidisyè

Yon kont Fiduciary Online Services (Sèvis sou Entènèt Fidisyè) pèmèt ou jere kont taks pou yon grenn pwopriyete oswa twòs. Ou ka gade rezime kont fidisyè ou a, fè peman pa mwayen elektwonik, reponn ai depatman yo, ak plis toujou.

ZOUTI AK KONSÈY Enfòmasyon Itil

Lè antretyen

Lendi rive samdi

Sèvis gendwa pa disponib ant 4 a.m. ak 6 a.m.

Dimanch

Sèvis gendwa pa disponib ant 9 p.m. ak 10 p.m.

Updated: