Fè yon chanjman nan IPA ou an
Men fason pou fè sa:
Ajoute yon nouvo fakti (assessment) nan IPA ou an
Malerezman, ou pa kapab ajoute yon fakti nan IPA ou genyen deja a. Si w resevwa yon fakti nou voye ki pa gen IPA ou genyen deja a ladan l, ou kapab swa:
- peye nouvo fakti a nèt epi kontinye avèk IPA ou genyen deja a, oswa
- peye balans ou rete a sou IPA ou genyen deja a, epi fè demann yon nouvo IPA pou nouvo fakti a.
Si w pa kapab peye nouvo fakti a nèt oswa reponn ak egzijans pou IPA ou gen deja a, nou ta kapab negosye pou ajoute yon nouvo IPA. Sepandan, li ka:
- mande pou ranpli yon tax warrant (manda fiskal), epi
- lakòz montan peman ou gen pou fè chak mwa a ogmante.
Rele nou nan 518-457-5772 pandan lè ouvrab regilye yo, epi pale avèk yon reprezantan si w vle negosye yon nouvo IPA.
Ajoute oswa modifye enfòmasyon sou kont bank ou an
Ou kapab modifye enfòmasyon sou kont bank ou an nan kont pou Online Services (Sèvis Sou Entènèt) la.
- Konekte sou kont pou Sèvis Sou Entènèt ou an.
- Chwazi meni ≡ « Services » (Sèvis) ki nan kwen agoch anwo a nan paj akèy « Account Summary » (Rezime Kont) ou an.
- Chwazi « Payments, bills ak notices » (Peman, fakti ak avi),, epiapresa Akò peman pa vèsman nan meni k ap dewoule a.
Lè w pwograme yon peman otomatik pou peman an sou kont bank ou an pou IPA a, li ka pran 30 jiska 60 jou pou peman otomatik la kòmanse. Pandan tan sa a n ap voye fakti chak mwa ou dwe peye online (sou entènèt) oswa pa lapòs la. N ap voye yon notifikasyon pa lapòs lè peman otomatik la kòmanse.
Si w deja gen yon peman otomatik ki pwograme epi ou bezwen fè modifikasyon nan enfòmasyon kont bank ou an, ou dwe chanje enfòmasyon yo omwen twa (3) jou anvan dat ou dwe peye a. Sinon, chanjman enfòmasyon ou fè nan kont bank ou an p ap rantre an vigè jiska pwochen mwa a.
Modifye peman chak mwa ou an
Ou kapab fè chanjman jou pou peman chak mwa a sou kont Online Services (Sèvis Sou Entènèt), men peman otomatik pou IPA a kapab fèt sèlman nan 5yèm oswa 15yèm jou nan mwa a.
- Konekte sou kont pou Sèvis Sou Entènèt ou an.
- Chwazi meni ≡ « Services » (Sèvis) ki nan kwen agoch anwo a nan paj akèy « Account Summary » (Rezime Kont) ou an.
- Chwazi « Payments, bills ak notices » (Peman, fakti ak avi),, epi apresa Akò peman pa vèsman nan meni k ap dewoule a.
Ou dwe chanje dat peman ou nan limit 2zyèm jou nan mwa a, pou li kapab rantre an vigè menm mwa a.
Anile peman chak mwa ki pwograme a
Pou w anile peman chak mwa ki pwograme a, ou kapab rele nou nan 518-457-5772 nan lè ouvrab regilye epi pale avèk yon reprezantan. Tanpri sonje, nou soumèt demann pou peman chak mwa a bay bank ou an twa (3) jou anvan dat ou dwe peye a epi nou pa kapab anile l depi nou fin soumèt li.
Si peman chak mwa ki planifye a pa disponib pou nou fè retrè sou kont ou an, n ap avèti w ou rate yon peman. Ou dwe:
- fè yon peman online (sou entènèt) oswa pa lapòs tousuit, epi
- peye yon frè $50 poutèt ou pa respekte dat la lè nou fè fakti a.
Fè mizajou nan adrès ou
Pou resevwa avi enpòtan konsènan IPA ou an ak lòt korespondans ki enpòtan anpil nan men Depatman Taks la, ou dwe toujou mete adrès aktyèl ou. Ou kapab fè mizajou nan adrès ou an sou kont Online Services (Sèvis Sou Entènèt) ou an. Gade Change my address (Chanje adrès mwen an) pou jwenn esplikasyon.
Lòt sèvis
Konekte sou kont Online Services (Sèvis Sou Entènèt) ou san pou:
- fè yon peman
- wè balans aktyèl ou an
- enprime yon avi $0 pou balans ou dwe
- enprime yon sètifika konfòmite
Remak: Peman yo kapab pran jiska 10 jou pou yo parèt sou kont ou an.
Si w gen kesyon, ou ka rele nou nan 518-457-5772. Reprezantan nou yo disponib lendi pou rive vandredi pandan lè ouvrab regilye (sof lè vakans).