Skip to main content

Kredi pou timoun nan Eta (Empire State child credit: New York State)

Nimewo idantifikasyon

Pou w kapab kalifye pou reklame kredi pou timoun nan Eta New York la, ou dwe bay yon nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) ki kòrèk epi ki valab oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (Individual Taxpayer Identification Number, ITIN) pou chak timoun ki nan reklamasyon w lan.

Ki moun ki kalifye

Ou gen dwa a kredi ranbousab sa a, si ou:

  • te yon rezidan nan Eta New York pandan tout ane a oswa te marye ak yon rezidan ki te nan Eta New York la pandan tout ane a,
  • gen yon timoun ki kalifye*, epi
  • konfòm ak youn (1) nan kondisyon sa yo:
    • ou genyen yon kredi taks federal pou timoun, kredi taks adisyonèl pou timoun oswa kredi pou lòt moun ki sou responsablite w yo (yo mande l sou Fòm federal 1040 la oswa Fòm federal 1040NR la) oswa
    • nouvo kalkil revni federal total ki ajiste nan New York pou ou a, se:  

Tablo ki anba a ka genyen yon kontni ki twò laj pou ekran an. Pou w ka wè tout kontni li yo, tanpri itilize ba defilman ki anba tablo a, oswa defile tablo a menm, si tout fwa w ap itilize yon aparèy taktil.

Refundable Credit
Estati Depo a Nouvo Kalkil Revni Federal Total ki Ajiste nan Eta New York la
Moun marye ki depoze yon deklarasyon taks ansanm $110,000 oswa mwens
Selibatè, oswa chèf fanmi, oswa vèv fi/vèv gason ki kalifye $75,000 oswa mwens
Moun marye ki depoze yon fason separe $55,000 oswa mwens

*Yon timoun ki kalifye dwe genyen omwen kat (4) lane men mwens pase 17 lane nan dat 31 Desanm ane fiskal la epi li dwe kalifye pou kredi taks federal pou timoun lan.

Konbyen kredi a ye?

Si w te reklame kredi taks federal pou timoun nan, kantite kredi pou timoun nan Eta New York la pi gwo, li se:

  • 33% nan pòsyon kredi taks federal pou timoun ak kredi taks federal adisyonèl pou timoun (yo kalkile l pa mwayen nouvo kalkil FAGI New York la, ansanm avèk kantite kredi federal la ak limit revni ki te anvigè pou ane fiskal 2017 la, anvan yo te adopte Lwa Piblik 115-97 la), ki lye avèk timoun ki kalifye yo, oswa
  • $100 miltipliye pa kantite timoun ki kalifye yo.

Si w pa t reklame kredi taks federal pou timoun nan, men ou reponn ak tout lòt kondisyon kalifikasyon yo montre pi wo a, kantite kredi pou timoun nan Eta New York la se:

  • $100 miltipliye pa kantite timoun ki kalifye yo.

Note sa byen: Si yo ba ou SSN oswa ITIN ou a oswa pa pitit ou a, apre dat limit deklarasyon an, w ap ka sèlman reklame $100 pou chak timoun ki kalifye.

Enfòmasyon adisyonèl

Gade Form IT-213 (Fòm IT-213), Reklamasyon Kredi pou Timoun nan Eta New York, ak instructions (enstriksyon) li yo.

 

Updated: