Skip to main content

Enskri kòm yon vandè taks sou lavant (Register as a sales tax vendor)


Chak moun ki vann pwopriyete pèsonèl vizib yo ka mete taks sou li oswa sèvis yo ka mete taks ou li (menm si w ap vann yo lakay ou) dwe enskri ak Depatman Taks (Department of Tax) nan New York Business Express anvan li lanse biznis la. Si ou pa fin sèten si ou bezwen enskri pou taks sou lavant, gade nan Bilten Taks  (TB-ST-175)Do I Need to Register for Sales Tax? (Èske Mwen Bezwen Enskri pou Taks sou Lavant) ak (TB-ST-807)Sales from Your Home (Sa ou Vann Lakay ou).

Gen yon sipozisyon ki di sèten moun ki vann pwopriyete oswa taks yo ka mete taks yo oblije enskri ak touche taks sou lavant eta ak lokal. Gade Presumption applicable to definition of sales tax vendor (Sipozisyon ki apwopriye pou definisyon vandè taks sou lavant) pou jwenn plis enfòmasyon.

Si ou oblije enskri pou touche taks sou lavant epi ou bezwen enfòmasyon sou kijan pou w enskri, gade Bilten Taks (TB-ST-360)How to Register for New York State Sales Tax (Fason pou Enskri pou Taks sou Lavant Eta New York).

Kisa w ap bezwen

APLIKE SOU ENTÈNÈT (APPLY ONLINE)

Konsèy

  • Anrejistre non itilizatè ak modpas ou.
    • Si ou bliye non itilizatè ou, sèvi ak lyen pou ede tèt ou a sou paj pou konekte a pou w ka resevwa yon imèl ak non itilizatè ou (si imèl ou a gen plizyè non itilizatè, chwazi premye a). 
    • Si ou bliye modpas ou, itilize lye pou ede tèt ou a.  
  • Ajoute lòt sèvis sou kont Biznis NY.gov ou a. W ap bezwen yon kont Sèvis sou Entènèt pou Biznis Depatman Taks la pou fè deklarasyon taks sou lavant ou sou entènèt. Pwochèn fwa ou konekte sou kont Biznis NY.gov ou a, ou ka gade seksyon You can sign up for the following services (Ou ka enskri pou sèvis sa yo).

    Li fasil pou w ajoute plis sèvis w ap bezwen pou fè biznis nan Eta New Yrk, tankou Sèvis Taks sou Entènèt (Tax Online Services) ak Sèvis Travay sou Entènèt (Labor Online Service).  
  • Toujou enprime paj konfimasyon ou a. W ap jwenn yon paj konfimasyon nan fen pwosesis la. Enprime li epi kenbe li pou dosye ou.   
  • Veye imèl ki di w sou ki pwen aplikasyon ou an ye. Nou pral itilize imèl ou te bay pou kont Biznis NY.gov ou a pou kominike ak ou.
    • apre ou soumèt aplikasyon ou a,
    • lè aplikasyon ou a bezwen atansyon, oswa
    • lè yo apwouve aplikasyon ou a.

Imèl konsènan aplikasyon ou a p soti nan adrès noreply.businessexpress@custhelp.com.

Updated: