Skip to main content

E-ZRep Fòm TR-2000, Otorizasyon pou Jwenn Aksè nan Enfòmasyon Taks ak Fè Tranzaksyon


Si w se yon pwofesyonèl taks, mande kliyan w lan ranpli E-ZRep Fòm TR-2000, Otorizasyon pou Jwenn Aksè nan Enfòmasyon Taks ak Fè Tranzaksyon, pou li ba w otorizasyon pou jwenn aksè nan enfòmasyon sou kont li epi fè tranzaksyon pou li atravè yon kont Sèvis An Liy pou Pwofesyonèl Taks.

Kliyan w lan kapab ba w otorizasyon pou jwenn aksè nan divès sèvis an liy, tankou Fè Deklarasyon sou Revni An Liy, fè peman, epi reponn avi depatman an voye yo.  Gade E-ZRep Fòm TR-2000.1, Paj Enfòmasyon pou Aksè nan Sèvis An Liy, pou jwenn yon lis konplè ki gen sèvis an liy kliyan w lan kapab otorize ou aksede.

Ou pral gen aksè an liy nan enfòmasyon taks konfidansyèl kliyan w lan, tankou:

  • deklarasyon li fè dènyeman yo,
  • obligasyon fiskal li pa peye yo
  • peman anvan ak peman ki ankou, epi
  • kopi avi elektwonik nou voye bay kliyan w lan.

Ou pral an mezi pou pale ak yon reprezantan Depatman Taks sou enfòmasyon taks konfidansyèl kliyan w lan si yo pa disponib atravè kont Sèvis An Liy pou Pwofesyonèl Taks ou an.

Remak: Kliyan w lan pa kapab limite pouvwa w la rive nan peryòd deklarasyon taks espesifik yo. Pa egzanp, si kliyan w lan ba w otorizasyon pou fè tranzaksyon taks sou lavant pou li, ou pral gen aksè nan enfòmasyon taks sou lavant yo pou tout peryòd li te deklare taks yo.

Fason pou ajoute yon kliyan nan kont ou

  1. Fè kliyan w lan ranpli epi siyen E-ZRep Fòm TR-2000.
    • Piga ou voye fòm lan nan lapòs bay Depatman Taks la.
    • Ou dwe kenbe yon kopi fòm otorizasyon an nan dosye ou pandan ou gen otorizasyon an plis twa (3) zan; ou ka bezwen bay Depatman Taks la yon kopi si yo mande.
    • Ou pral itilize fòm ki ranpli a pou chwazi sèvis ou gen otorizasyon pou aksede nan non kliyan w lan ak dat ekspirasyon aksè w la.
  2. Konekte nan kont Sèvis An Liy pou Pwofesyonèl Taks ou an oswa kreye youn.
  3. Chwazi Add Client (Ajoute Kliyan) nan Rezime Kliyan w lan pou kòmanse ajoute yon nouvo kliyan.
  4. Antre nimewo ID kontribyab kliyan w lan epi chwazi yon opsyon verifikasyon.
    • Ale nan seksyon verifikasyon kliyan an, pi ba a, pou ede w rasanble enfòmasyon ki nesesè pou ajoute kliyan yo nan kont Sèvis An Liy pou Pwofesyonèl Taks ou an.
  5. Itilize E-ZRep Fòm TR-2000 ki ranpli a pou chwazi sèvis kilyan w lan te otorize ou aksede a epi antre yon dat ekspirasyon pou aksè w la (si kliyan w lan te antre youn).
    • Ou pral jwenn aksè nan sèvis kliyan w lan te otorize w fè yo tousuit.
  6. Pou fè travay pou yon kliyan, chwazi non kliyan an nan lis kliyan ki afiche nan Rezime Kliyan w lan.

Verifikasyon kliyan biznis

Pou pwoteje enfòmasyon taks kliyan w lan, ou dwe verifye youn nan bagay sa yo:

  • enfòmasyon sou deklarasyon taks youn nan antrepriz Eta New York kliyan w lan, deklarasyon taks sou lavant, oswa deklarasyon taks yo kenbe li fè nan 12 mwa ki sot pase yo (Gade Verifikasyon biznis pou jwenn enstriksyon sou kote pou jwenn montan ki sou deklarasyon kliyan w lan.)
  • nimewo ID evalyasyon ki gen dis (10) chif nan bòdwo taks Eta New York kliyan w lan (louvri oswa fèmen)
  • Nimewo PIN senk (5) chif nan yon lèt ou te resevwa nan men Depatman Taks la
  • Konfimasyon ki di kliyan w lan pa t fè yon deklarasyon taks antrepriz Eta New York, deklarasyon taks sou lavant, oswa deklarasyon taks yo kenbe nan 12 mwa ki sot pase yo

Verifikasyon kliyan endividyèl

Pou pwoteje enfòmasyon taks kliyan w lan, ou dwe verifye youn nan bagay sa yo:

  • Revni brit federal ajiste (federal adjusted gross income, FAGI) nan Liy 19 ki nan youn nan deklarasyon taks sou revni Eta New York kliyan w lan (Fòm IT-201 oswa IT-203) li fè pou youn nan senk (5) ane ki sot pase yo
  • nimewo ID evalyasyon ki gen dis (10) chif nan bòdwo taks Eta New York kliyan w lan (louvri oswa fèmen)
  • Nimewo PIN senk (5) chif nan yon lèt ou te resevwa nan men Depatman Taks la
  • Konfimasyon ki di kliyan w lan pa t fè yon deklarasyon taks sou revni Eta New York pou okenn nan senk (5) ane ki sot pase yo

Verifikasyon kliyan fidisyè

Pou pwoteje enfòmasyon taks kliyan w lan, ou dwe verifye revni total nan Liy A pou youn nan deklarasyon taks sou revni fidisyè Eta New York kliyan w lan (Fòm IT-205) li fè pou youn nan senk (5) ane ki sot pase yo. Si kliyan w lan pa t fè yon deklarasyon taks sou revni fidisyè pou youn nan senk (5) ane ki sot pase yo, ou pa kapab ajoute li kòm yon kliyan nan kont Sèvis An Liy pou Pwofesyonèl Taks ou an.

Resous yo

Updated: