Skip to main content

Kimoun ki ka Kalifye pou Soulajman pou Mari/Madanm ki Inosan (ak Separasyon Responsablite ak Soulajman Ekitab)


Si ou te fè deklarasyon taks ou ansanm ak mari/madanm ou, nou toude responsab pou taks la ak nenpòt enterè oswa sanksyon ki genyen sou deklarasyon an. Men, ou ka kalifye pou yon soulajman pou yon pati oswa tout taks, enterè, ak sanksyon ki gen pou wè ak yon bil taks yo te ba ou menm ak mari/madanm ou (oswa ansyen mari/madanm ou)

Pou yon bil taks yo te bay pou ane 1999 oswa pita

Gen twa (3) kalite soulajman ki disponib pou ou:

  • soulajman pou mari/madanm ki inosan,
  • separasyon responsablite, ak
  • soulajman ekitab

Pou mande soulajman pou yon ane fiskal kòmanse 1ye janvye 1999 oswa apre sa, gade Fòm IT-285, Request for Innocent Spouse Relief (and Separation of Liability and Equitable Relief) ki vle di Demann pou Soulajman pou Mari/Madanm ki Inosan
(ak Separasyon Responsablite ak Soulajman Ekitab)
), ak enstriksyon li yo (disponib sèlman nan lang angle). Si ou te deklare Fòm IT-285 la, depatman an pral konsidere si ou kalifye anba soulajman mari/madanm inosan, separasyon responsablite, oswa soulajman ekitab.

Pou yon bil taks yo te bay avan 1999 

Se sèlman soulajman mari/madanm inosan an ki disponib pou ane fiskal ki kòmanse avan 1ye janvye 1999. Pou mande soulajman mari/madanm inosan pou ane fiskal sa yo, depoze Fòm IT-285 oswa soumèt yon deklarasyon siyen ak dokiman prèv ki montre poukisa ou kwè ou kalifye.

Voye Fòm IT-285 ou ranpli a oswa deklarasyon ou siyen an ak dokiman prèv yo bay:

NYS TAX DEPARTMENT
PROTEST CORRESPONDENCE UNIT
W A HARRIMAN CAMPUS
ALBANY, NY 12227-5120 

Si ou pa voye dokiman ou yo pa lapòs ak Kourye Etazini, gade Piblikasyon 55, Designated Private Delivery Services ki vle di Sèvis Livrezon Prive Deziyen (disponib sèlman nan lang angle).

Pou jwenn plis enfòmasyon:

 Eta New York Piblikasyon 89, Innocent Spouse Relief (And Separation of Liability and Equitable Relief) ki vle di Demann pou Soulajman pou Mari/Madanm ki Inosan

Updated: